
Gen ase plas pou nou tout, chak moun ka limen san l pa tenyen limyè lòt la. Nou kondane pou n makonnen desten nou 🇭🇹 #powèt #Argentine 🇦🇷 #Barcelone 💙❤️
Joined October 2020
- Tweets11.1K
- Following900
- Followers721
- Likes8.9K
Pinned Tweet
Jodi a m te anvi ekri w
Men m pa jwenn mo
Plim mwen antòtye
Nan bouske retay mo
Ouvri zorèy ou
Kite powèm nan ouvri kòw
Mo yo fontèn depi w
Tande yo w ap mouye
M pa konn siw gen kilòt derechany
Paske nan voye mo
Toupatou sak sou ou a ka chire
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Lè nou pale de FANTAS, nou antre nan yon dimansyon entim nan lespri moun, kote imajinasyon, dezi, emosyon ak pwojeksyon konn fè kòkòday.
FANTAS se yon reprezantasyon mantal yon moun kreye, swa sou yon sitiyasyon li ta renmen viv, yon dezi li pa janm ka eksprime oswa yon senaryo ki jis eksite kiryozite li, anyen anplis.
Lè SIKOLOJI marye ak SEKSYALITE, Fantas kapab gen rapò ak dezi seksyèl, relasyon afektif, pouvwa, dominasyon, soumisyon, elatriye. Men, gen yon distenksyon enpòtan nou dwe fè :
IMAJINE YON BAGAY KONN PA VLE DI NESESÈMAN NOU VLE REYALIZE LI oswa gen fèm entansyon pou n pase alaksyon.
Sa pouse nou poze kèk kesyon enteresan :
ÈSKE AK SANPOUSAN FANTAS YO REFLETE VRÈ DEZI NOU ?
ÈSKE NOU TA DWE PATAJE TOUT FANTAS NOU GENYEN AK PATNÈ NOU ?
ÈSKE GEN FANTAS KI KAPAB KONSIDERE KÒM NÒMAL EPI GEN LÒT KI ANÒMAL ?
KI KOTE LIMIT KI SEPARE IMAJINASYON AK REYALITE A YE ?
Jodi a, objektif nou bò tab la se pa jije fantas pèsonn, men pito konprann fenomèn nan, eksplore dimansyon sikolojik li, sosyal li ak seksyèl li, pandan n ap respekte opinyon diferan yo.
KI FANTAS OU ? KIJAN SA FÈ W SANTI W NAN PO W ?
TABLE RONDE, se espas ou bezwen pou w pale de sa a. Vini jwenn nou aswè a a 9è boul.
Vin ak lespri w ouvè, se SEXNIGHT !
#tableronde #fantasme
Chery Jackson Vpl Still retweeted
🚨 Flash !!! Flash !!!
Jodi a vè 4h PM nan peyi Lespay, ekip Alavés la te mennen yon operasyon kote li lage 2 dwòn nan mouda Real Madrid.. ta sanble ekip Alavés la gen Bukele pa l kap derasinen vòlè. ⚽️🔥
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Ou poko rive kote w vle a, men w lwen kote w te kòmanse a tou, kontinye goumen, pi bèl chapit lavi w la ka poko ekri ,avanse an silans, travay sou tèt ou. PA JANM BAY LAVI W DEZESPWA nouri reyisit nan lespri w chak maten.
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Pou konpetans mwen, pou sa m konnen m ka fè ke moun pa konnen... m ta dwe ap fè mèvèy.
Men m kite moun ap imilye m pou timoun, jis paske m pa vle lage timoun ak jèn nan kominote m.
M sèlman ap mande Bondye pou m al akonpli misyon l yo lòt kote.
E kite Ayiti pa ekate...
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Lè ti jèn sa yo ale nan fèt , apre yo finn manje finn bwè , se lajan ki ka acht Kay ak machin yo jwenn apre
Mw lèm ale nan fèt , se bat map bat poum byen chita , pou manje pa fini sou mw nan sistèm lan 🤦🏾♂️
Chery Jackson Vpl Still retweeted
"Konprann pa vle di domine.
Konnen pa vle di kòmande."
✍🏿 Relem Moun
Nb : Ou menm ki konnen sa k fè w awogan konsa.
🤖 Made with AI
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Gwo big up pou lapolis ak DCPJ kap batay anpil pou l arive fè 2 mèg fri nan peyi a…
Ou p ap travay okenn kote, ou pa gen okenn bizinis k ap mache, ou pa gen okenn fanmi aletranje, epi gwo iPhone 15, 17, 18, nan men w, ap flèks , swa nan graje kawòt oubyen w ap fè pwostisyon klè
Depi w tande yon fanm diw li pa kyè desa moun panse de li , ou Mèt Konnen l kòmanse kouche ak mari moun
Gen yon ti gwoup isi a m pran plezi rele yo “KONESÈ SIPRÈM” Depi w pale, yo mande w si w konn li… Depi w pa dakò ak yo, yo di w manke lespri, E si w mande yo esplike sa yo sot di a, yo voye w al li ankò😩 Aparamman, sèl moun ki fin li nan peyi a se yo. (Se yo k konn reflechi)
Pote yon lide devan yo pou w wè, avan w fin esplike l, yo gentan di w li p ap mache😅 Si l mache, y ap di w nenpòt moun te ka fè l. E si w mande yo poukisa yo menm yo pa t fè l, se la yo sonje yo gen lòt bagay ki pi enpòtan pou yo fè😂
Sa k souvan fè m ri ak yo, se lè w mande yo “Bon, ou menm, kisa w pwopoze ?” Yo pran yon ti poz, ranje figi yo, epi yo reprann lis tout sa ki mal nan lide pa w la😂 (Sou pretèks espri kritik)
Ou mande yo yon lide, yo remèt ou devwa w la ak plim wouj😩
Konesè siprèm yo gen repons pou tout kesyon, e depi kesyon sa mande yo kreye yon bagay, yo di w kesyon an mal poze.😂
#KONESÈSIPRÈM
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Sincerely Yours 🎼
Zenglen.
Ou gen 30 minit pou w tande Zenglen sèlman. Ak ki mizik ou tap kòmanse? 👀 – at California, USA
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Gagner de l'argent est une compétence,
Garder l'argent est une discipline.
Multiplier l'argent est un art.
Et créer une richesse générationnelle est un état d'esprit.
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Dat m ap mache nan fèt, menm manje 🍱 ak brevaj 🧃konn fini sou mwen. Pou Melissa soti nan yon fèt... Yo ba li yon blòk lajan 💵, li tou achte yon kay 🏡. Antouka ! 😎🫵🏼😊
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Aji selon laj ou, viral nan nivo w ! Pale avèk matirite, aji avèk sajès epi mete plis enèji nan aksyon w pase nan foli ou yo. Anvan w aji, poze tèt ou kesyon sa a : Èske se yon nesesite, oswa èske se yon senp foli k ap pase ?
Toujou aji avèk plis tenasite, plis disiplin ak plis sajès pandan w ap pwofite chak jou ou genyen. Paske jou w ap viv yo, se sèl jou ou kapab konte sou yo pou tout bon. Se pou tèt sa, li enpòtan pou w reflechi sou konsekans aksyon ou yo, anvan ou pran yon desizyon.
Jis yon konsèy, mesye dam !
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Sa te pranm anpil tan pou m konprann, men o final m fini pa konprann ke fidelite pa egziste nan okenn relasyon de nos jours. 🙌
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Nou fache paske yo arete moun ki gen rapò ak gang
Nou fache paske Bukele vin ede nou goumen kont Gang
Ki konklizyon nou vle moun tire de nou menm ?
Chery Jackson Vpl Still retweeted
Pafwa pi gwo kado ou ka bay tèt ou se lapè, olye de batay ki pa nesesè..















