Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan) header
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan) profile picture

singer | @vwakasik🎶 Comptable 🎓 Athlète Men’s physique 🏋️‍♀️ Fashionista 🕴L ’instigateur ✍🏿 #RealMadrid ⚽️ Lakers 🏀Fan #TeamCR7 #TBDA🙌 Manm @Top_twit_ht

Haiti
Joined December 2017
Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)Photo by Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 (@ChrisToutJan)
Pa bat kò w jis fè sa w dwe fè, pa gen moun ki bliye w yo jis poko bezwen w, siksè w gen pou fè tout zye fikse sou ou, prezans ou p ap gen pri. – at Haiti
7
65
2
160
15,744
Pa tann tout bagay vin anfòm pou w bay tèt ou dwa pou w kontan. Aprann viv menm lè tout bagay pa pafè. Travay pou lavni w, men pa bliye jwi prezan an. Paske lavi a twò kout pou w pase tout tan w ap enkyete w pou bagay ou pa ka kontwole.
1
5
15
550
Pa kite travay ak responsablite fè w bliye viv. Travay p ap janm fini, men lavi ap pase. Pran tan pou tèt ou, renmen moun ki renmen w yo, epi pwofite chak moman.Paske travay ka ranplase w, men plas ou nan kè moun ou renmen yo pa ka ranplase.
3
12
470
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
nan moman gonw presyon sou do jèn ki nan ventèn yo la epa ti bagay piti , lè yap panse ak tèt yo nan 5 10 ans ankò yo vrèman enkyè pou avni yo 😑sitou nan moman si moun nan poko wè monte sil pa wè desann , li stil ap reflechi chak jou kijanl pral fè sòti tèt li kotel ye la . so li enpòtan poun Kontinye tcheke sou pwòch nou tanzantan💙 pafwa se pale moun nan pap pale men anndanl doulè yo anpil ..!
19
41
7
189
6,558
Kenbe bò kote w moun ki renmen w, ki respekte w epi ki pa imilye w. Pa fòse tèt ou rete kote ou pa jwenn lanmou ak konsiderasyon. Ou merite lanmou san doulè, respè san siplikasyon ak lapè san sakrifis.
4
8
293
Ann aprann gen plis pasyans, plis konpreyansyon ak plis lanmou. Nou pa janm konnen ki kalite batay yon moun ap mennen an silans. Konba mantal rete pi gwo obstak yon moun te ka ap remonte, pratike tolerans, se pou nou vin yon ti sous dousè nan lavi lòt moun.
1
11
304
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Lanmou pa mande pou w kache santiman w, men l mande pou w konnen kiyès ki merite yo. Pa janm pè montre yon moun ou renmen l tout bon, pa bliye renmen tèt ou tou. Renmen yon moun pa vle di ou dwe pèdi valè w pou li. Vrè lanmou dwe gen respè, senserite ak efò ki soti nan toude bò.
1
6
16
675
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Rete pou kò w ak santi w pou kò w, se pa menm bagay. Pafwa, ou ka pou kò w epi w santi w byen,ou anpè ak tèt ou. Men, gen lòt moman ou ka antoure ak moun, w ap ri, w ap pale, men anndan w ou vid,se pa kantite moun ki bò kote w ki fè w santi w akonpaye, men se jan yo fè w santi w.
3
1
14
455
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Mond lan p ap tann pèsonn, si w pa prepare depi kounye a, demen ap twò ta. Pandan w ap pèdi tan, gen lòt moun k ap travay, aprann epi avanse. Prepare w jodi a pou w pa rete dèyè demen.
3
13
307
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Anpil fwa n ap chèche limyè lòt moun pou sa klere sou nou paske sa ka fè n santi n valide. Men,vrè limyè a dwe soti anndan nou. lè nou gen sètitid ak konfyans nan tèt nou, se lè sa selman nou ka OZE. Limyè a deja anndan n, OZE pou n fè l klere.
3
11
370
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Kouraj, se lè w chwazi pouse tèt ou devan tout limit zye w ka wè, sakrifis li menm se lè w dakò kite s ak parèt pi bon an pou w fè sa k pa bon an pou w jwenn sa w reve a. Pa jwe ak mo yo sispann konfonn pèdi tan ak pasyans, chache konn kisa w vle tout bon.
5
14
461
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Pafwa, se pa tout sa n ap viv ki parèt sou figi nou. Gen yon pati nan nou k ap goumen an silans, k ap doute, k ap pèdi konfyans. Men, pa kite dout fè w bliye valè w. Aprann kwè nan tèt ou, menm lè sa difisil. Ou pi fò pase sa w panse.
3
20
524
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Gen moun ki pa ka chanje anyen nan sa w ap travèse, men prezans yo fè doulè a vin pi lejè. Aprann apresye moun ki pote limyè nan jou nwa w yo paske pafwa, se pa solisyon nou bezwen sèlman men pito gon moun ki fè nou santi nou pa poukont nou lè pwoblèm ta vle akapare n.
1
5
14
437
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Pa silans paske w pa gen anyen pou w di. Men w jis pa pale menm jan ak tout moun. Gen moun ki fè w reflechi sou chak mo, gen lòt ki ka fè w pale san rete. Paske kote w santi w alèz la ou p ap bezwen fè efò pou w egal ak tèt ou tout bon.
2
11
364
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
*Pa janm minimize fòs ou te bezwen pou w travèse moman difisil yo. Menm lè lavi te fè w kriye, ou p at abandone. Chak ti pa w fè se yon viktwa. Kontinye vanse, kwè nan tèt ou, paske w pi fò pase sa w panse.
5
7
281
Chrisnor BRENOR🥇🇭🇹 retweeted
Pa kouri dèyè semèn nan, ni pa kite presyon fè w pèdi direksyon. Avanse dousman, men pa rete kanpe. Se pa vitès ki pi enpòtan, se direksyon w ap pran an, lavi a se yon pasaj, fòk nou avanse ak sajès, pasyans ak vijilans.
5
13
411

🙏
1
8
47
1,180