Wi, men nou pap ka votel ankò
Ou pa konprann
Pandan wap di se Martelly ki kreye gang yo, vin dim :
1) konbyen teritwa kite pèdi sou Martelly?
2) ki komin ki pat gen komisarya sou Martelly?
3) ki ane kanaval ak lot aktivite nasyonal yo pat fèt?
4) ki moun ki tap di kanpe dèyè barikad yo?
#TwouMantiPaFon
1
2
152
IT-Technician retweeted
Replying to @nayibbukele
@nayibbukele Papou nou pa tande w non?!🥹🫶🏾
Nou konnen moman an difisil. Kondoleyans ak ou epi ak fanmi sòlda ki tonbe nan aksidan eksplozyon an.
Nou pat janm swete pou sibi pèt nan vinn ede nou, men nou konnen nan lavi aksidan ak enprevi ka rive.😥
Pa dekouraje ak nou souple. Batay sa se Bondye ki voye w fè l pou libere yon pèp k ap soufri anpil anba gang.🙏🏾
Nou pa gen mo pou di w mèsi pou èd ou. Lavi ak Listwa gen pou remèsye w pi byen pou nou yon jou.💜
IT-Technician retweeted
Lèw fini ak nèg yo, Bann on kout men ak blokis lan papoo.
Gad lèl ye mpoko ka rive lakay mwen 😫
Hien 😨
Replying to @RomelusKervens @JahBFeray
2 solda Salvadoryen m tande ki mouri nan baz nan manipile eksplozif wi
1
49
M ap redi nou sa 👉🏽 senatè ak depite ayiti hmmmmm koze palmantè sa yo fòk nou gade yo de prè wi . Li pa posib pou neg yo gen tout pouvwa sa sou egzekitif la , nèg yo gen ministè ak lòt bwat ki detache , nèg yo gen gwoup gang yo pou fè presyon pou yo . Palmantè ap kraze ayiti nèt
IT-Technician retweeted
Didier te pran ensekirite a kòm pretèks pou l siyen gwo kontra malatchong, san okenn rezilta konkrè pou popilasyon an. Pandan peyi a t ap plonje pi fon nan kriz, se enterè pèsonèl li ak ekip li ki te rete nan tèt lis priyorite yo, ak sèl objektif pou yo konsève pouvwa a.
Jodi a, pèp la voye yon siyal fò Bay Didier. Peyi sa a se pou pèp la, se pa byen pèsonèl okenn dirijan.
Tout peyi a leve,granmoun kou timoun pran lari pou remèsye yon dirijan letranje ki montre aklè atravè aksyon ak angajman l ke kesyon ensekirite a pa ka separe ak responsabilite otorite ki gen pouvwa pou aji. Sa ta dwe fè nou reflechi sou sitiyasyon peyi nou. Dirijan ki ap dirije yo la ta dwe wont devan pèp la!
Sinon, Pwochen mobilizasyon popilè yo dwe pote yon lòt revandikasyon klè: mande Didier pou l bay talon l nan tèt Primati a.
Lè pèp la deside kanpe pou fè revandike dwa l kòm pèp souveren, okenn responsab pa dwe chape anba responsabilite desizyon li te pran.
Kote k gen granmoun timoun pa fè dezòd sof si granmoun yo ap patipe epi sitire dezod la.
Toujou sonje pèp la pa bliye. L ap obsève e lèl pou l mande nou rannkont pa gen anyen k ap kenbe l.
Nou ta dwe wont, bann sanwont!

























