M chaje pwomosyon m ki pral wè pòs sa. Si m manti y a demanti m. M te Eli prezidan klas mwen nan menm kontèks Manigat te eli prezidan (Yon gwoup kandida enpòtan tankou Marc Bazin, Gérard Gourgue, Louis Déjoie, Sylvio Claude bòykote eleksyon yo, Manigat tou eli a plis ke 50%).
Ou deja wè eleksyon m depi an patan te kontwovèse. Lè m fin Eli, m nome bon zanmi m Jean-Murat sekretè, Pastè Josué (Ti Josué) trezorye, etc. Menm jou an mwen fè Jean-Murat drese dyagram klas lan pou mwen. E mwen remèt yon konpi a sansè an e a chak pwofesè. E mwen mande yo ke dezomè sanksyon dwe bay selon syèj e non selon moun. Sa vle di si w bay yon moun syèj ou li fè dezòd, se ou k ap pran sanksyon an.
Bagay sa revòltè yon gwoup elèv e y al pote titilè klas lan, ki se yon pwofesè, plent pou mwen. Titilè an ranvèse desizyon m nan e li elimine dyagram nan. Menm jou an, m remèt titilè klas lan demisyon m ak tout kabinè m.
Lè sa, m te ka nan 18 ans. M pa ka konprann kòman yon bann granmoun, ki gen madanm ak pitit fè sanwont konsa. Yo pap dirije anyen yo rete kole la tankou se yon bann tik.
8
1,326
Nèg yo te ka pran manzè yo kenbe l ankachèt; yo monte “live” pou di “Leta”: “Li nan men nou sa w ap fè ak sa?”
Pou yon lòt fwa, nèg yo montre se yo ki chèf an Ayiti e sa yo rele leta a se yon leta bò katedral, leta 2 pou 5, leta tèt gridap, leta blofè, leta bòkyè, leta dan pouri, leta san benyen, leta bouk kabrit.
Antouka mesye leta, fèmen bwat yo, oubyen vann pwason ak pen a manba nan yo.
5
660
Si gen youn nan bagay ke bandi yo ap chèche nan moman an se rekonesans sosyal.
Yo fin gen kòb, kounya yo bezwen vann tèt yo kòm viktim pou yo ka reentegre sosyete an kòmsi anyen pa t janm pase.
Ou menm ki se enfliyansè, atis k ap monte nan “live” avèk nèg yo, san w pa rann ou kont, se ede w ap ede yo lave imaj yo aprè tout masak, anlèvman, vyòl ak vòl yo fin fè. Si w se gang, afiche w, men pa kache dèyè enfliyans ak kredi ke sosyete an fè w pou w ap vann nou asasen sa yo kòm viktim aprè tout zak malonèt yo fin fè.
Si DCPJ pa itilize tout mwayen legal ke Konstitisyon an, Trete, Akò Entènasyonal ak Lwa yo ba li pou l mare jenn fanm sa kon krab pou l vin reponn kesyon sou zak zenglendo sa li komèt lan, yo mèt fèmen bwat sa vann pwason ladan l.
Manzè son malfektè degize ki fè tèt li pase pou postitye.
Abilite m wè manzè genyen pou l ap tire kout manchèt, pa ka yon kou esè. Manzè se yon veteran kriminèl. Ke Lajistis fè travay li prese prese, li pa posib!
Yèswa, yon senatè repibliken, yonn nan senatè ki pi enfliyan Etazini mouri sibitman, tankou yon kout zeklè:
PS 103: 15-16
L'homme! ses jours sont comme l'herbe, Il fleurit comme la fleur des champs.
Lorsqu'un vent passe sur elle, elle n'est plus, Et le lieu qu'elle occupait ne la reconnaît plus.
An depi de tout sa w konnen w ye, tout sa w konnen w posede, m jis anvi raple w jodi a ke w pa anyen. 2 dyare sifi pou voye w ale. M ap rekòmande w imilite.
Nan nivo m wè mechanste nan kè lèzòm rive, ou kwè si Bondye te bay pouvwa yo pa t ap chwazi kiyès ki gen dwa respire.
Yon ti bout tè yo ban n fè 2 jou sou li, yon ti bout tè yon pye glise sifi pou fè n fè malèt nou, pou lèzòm kanpe an mèt lemond sou li. E si pa t gen lanmò? Gen moun lè yo mouri fò yo tcheke pòch yo pou yo wè si yo pa tou ale ak lemond ladan l.
Breaking: Lakou Siprèm nan peyi Etazini, nan yon desizyon (6-3), kenbe “Birth right citizenship” lan, sa ki voye jete byen lwen dekrè prezidansyèl ki te konte limite dwa sa a sèlman pou timoun ki fèt de o mwen yon paran ameriken oubyen rezidan pèmanan.
2
14
3,238
Se pa sèlman TPS ki koupe pou Ayisyen:
- Se otorizasyon travay li ki koupe
- Se yon kay ke l t ap peye pandan 10 an ke l riske pèdi
- Se yon machin ke l te pran a kredi ke bank riske vin pran nan men l.
- Se yon inivèsite li gentan gen 2 an ladan l ki riske kanpe l paske l pa legal ankò.
Antouka, kouraj, lè l fè plis nwa se jou l pral jou.
Se la fen enfliyans Ris ak Chinwa nan mond lan. Pa gen oken peyi ki pral konte sou nèg sa yo, sèl yon egare nan vwa Pastè Pas.
Pou l pa ta konsa, fòk rapid rapid Chin ta met men sou Taiwan e Risi sou Ikrèn.
Sinon, lame ti manchèt 😄.
Genlè Vite pi solid ke nèg sa yo.
2
412
Aprè konsta m fè, anpil Ayisyen pa gen pwoblèm a gang vre. Yo jis gen pwoblèm a sa k gen sapat yo.
Vin jwenn si gang sa pale franse, n ap ba l la kominyon san konfese. Si l se politisyen, n ap kanonize l.
An konklizyon nou se enjenyè pwòp malè nou.
Li deranje m lè non yon nèg ap site nan tout bwat fatra epi demen w tande l chèf. Sepandan, radòt kesyon se anbasad ki pou di kiyès ki pou direktè polis, kiyès ki pou prezidan, kiyès ki nan krèy, bagay sa se bullshit.
Si n ap deklare tèt nou 51è eta fè l ofisyèl. Tchuippppssss.
M panse tit "Homme d'affaire" lan pa aproprye pou yon nonm ke yo arete pou move zafè.
Oubyen si n vle jis ann rele Barbecue, Izo, Lanmò 100 Jou, Chrisla "Homme d'affaire" tou.
Depi w federal gen tit ki pa dwe pou ou ankò.
Ann rele delenkan delenkan.
21
1,119
Mezanmi fò n fè yon beny chans pou Ayiti, li pa posib pou yon peyi an devèn konsa.
Men mèt la, ansyen zaboka pèp la di l gen anbisyon prezidansyèl wi 😄.
Antouka Jesifra gen la relèv 😄.
2
5
683
M pa nan kesyon bloke moun ayewopò. Kite yo antre, mare yo. Malfrendeng sa yo tout tan yo nan lari, Ayiti pap janm rale yon souf.
Yo “redwi yon peyi an sann” jis pou souse zo nan tranzisyon. Ayiti pa gen jistis, si yon peyi ap bann kout men, met kòd nan kout malpouwont sa yo.
"Ils nagent dans des eaux troubles".
Sof ke dlo isit yo gen kwokwodil, pridan. Dlo Ayiti yo se ti pwason krebete tankou Jovenel ki nan yo. Men isit chaje mal kwokwodil ki ka twoke grenn ak nou.
O mwen n a fon goute nan imilyasyon ak kalamite pèp sa ap goute akoz mechanste nou.
8
3,206
Aprè sa k rive Zolensky jodi a, m gen gwo dout anbasadè ameriken yo pa konn kale kèk prezidan ak senatè Ayisyen.
Mwens kèk nèg tankou Leslie Francois Saint Roc Manigat.
Tout moun konn pozisyon m sou Trump, men nan tout ajans mouche kraze, m santi USAID fè politisyen ak medya ameriken pi mal. Moun sa yo bon moun wi, yo sousye de devlopman USAID t ap fè nan kèk peyi devlope tankou Ayiti 😄.
