Mwen jwenn envitasyon @Adobe pou reprezante yo nan #DesignThinkersToronto ki se youn nan pi gwo konferans sou dizay, kreyativite ak inovasyon ki fèt nan Canada.
Mwen eksite anpil pou m konekte ak lòt pasyone tankou m ki respire kreyativite e kwè nan pouvwa l pou l transfòme kominote yo.
Ann kòmanse pa poze kesyon an pito😊 men jiskamentman listwa di n pa inosan nan lanmò a.
M panse li enpòtan pou nou elimine nan istwa nou ak nan lespri nou ke se te Ayisyen Ki touye Desalin.
Pandan n ap sonje wout li ak tras li kite pou nou suiv jounen 17 oktòb Sila.
#MèsiPapaDesalin
Entre toi et moi,
quelque chose s'est glissé.
Et lentement, ça devient quelqu'un.
Qui serons-nous demain ?
IYA. Bientôt 🙏🏾
Pou mwen se pa elimine pou n elimine otomatikman. Nou dwe fouye zo gade pou konn sa k te pase a, restore laverite istorik sou dram nan, rann jistis menm si se pòstim, rebay memwa Lanperè a diyite l, fè dèy kolektif, kreye espas pou komemorasyon epi ranfòse leta pou sa pa janm rive anko.
M panse li enpòtan pou nou elimine nan istwa nou ak nan lespri nou ke se te Ayisyen Ki touye Desalin.
Pandan n ap sonje wout li ak tras li kite pou nou suiv jounen 17 oktòb Sila.
#MèsiPapaDesalin
Kantite enèji Ayisyen ka mete nan batay ansanm kont yo menm oubyen pwop enterè kolektif yon espas egzistans yo ak byennèt yo depann de li depase m😒
Sa gen 3 lane mwen te deside fè yon mizik pou abòde maladi DEPRESYON pa andan. Mizik sa te boukle yon gwo kanpay sansibilizasyon sou depresyon m te gen chanje mennen nan patenarya ak plizyè enstitisyon ak aktè kle nan sante mantal an Ayiti.
Kanpay sa te montre ijans pou n bay zepòl la men tou kijan tout moun ka afekte pa maladi si la san pèsonn pata janm konnen.
Nan okazyon jounen mondyal sou sante mantal la, mwen vle raple w ankò ou pata janm konnen pou kont ou. Mande èd se yon ti jès ki ka sove w si w santi w nan bò falèz la.
Nan okazyon Jounen Mondyal Sante Mantal, mwen p ap bouke raple nou chak pou n pran swen lespri nou.
Pran distans ak tout fòm ostilite ki ka afekte nou. Reflechi plizyè fwa anvan nou antre nan batay nou konnen k ap koute nou twòp, menm lè nou santi nou gen fòs pou n mennen yo.
Rete trankil se pa sèlman yon remèd pou kò a, se medikaman pou lespri a tou.
Pou mesye yo espesyalman, sonje nou pa gen anyen pou n pwouve. Sonje tou, nou gen dwa fatige, nou gen dwa frajil, nou gen dwa mande èd. Nou pa oblije pote tout chay nou an silans pou n merite yo rele nou gason.
Se pa tout batay nou evite ki fè nou lach. Genyen se paske nou finalman konprann valè lapè nou.
Pran swen tèt nou.
mCo. retweeted
Aprè demisyon Rosny Smarth an 1997, Préval tann anviwon 18 mwa pou Palman an apwouve Jacques Édouard Alexis kòm Premye Minis. @quidirigehaiti
Yon jou n ap gen yon Konsèy Elektoral Pèmanan ki endepandan ak konpetans total kapital sou oganize eleksyon ki kredib, transparan ak demokratik sou Peyi Desalin nan...l ap jou yon jou.👌🏾
1- deja pale de fon pwoblèm se rapwopriye libète yon atis gen pou mennen atizay li nan direksyon l vle ak fason l santi l.
2- Yon atis pa jis yon machin k ap ponpe pwodui e koze inovasyon nan kreyasyon pa ka gade ak menm linèt nou gade l nan biznis. Yon atis se dabò yo moun sansib e k ap charye yon eksperyans lavi ki gen yon pwa. Sa w rele "loop" la se souvan espas egzistans atis la kreye pou l rakonte tèt li, mete mo sou sa l santi, fè vwa l pase, geri elatriye... mande l soti ladan l se mande l pase trè sou sa k fè sans pou li e ki defini lavi l.
3- Lè yon atis depase nivo chèche validasyon an e deja tabli kò l kòm moun ki defini estanda yo, li ka pèmèt tèt li sa l vle kò m direksyon atizay e kanpe deyè l. Li ka chwazi repetitif nan estrikti oubyen eksperimantal nan fòm nan, nenpòt jan gen atis nenpòt sa l fè ap tounen modèl la. Mande tèt ou pouki se kounya Wyclef ap eksplore Jazz ak entansyon sa nan mizik li.
Sou nouvo mizik #WendyyyPi
Tit album lan, nouvo son an ak lyrics yo konfime m ke Wendyyy nan yon veritab loop kreyatif.
Gen yon konsèp yo rele creative fixation: lè yon kreyatè vin tèlman fikse sou lide, fòmil oswa idantite ki deja mache pou li, li kontinye retounen ladan yo olye li louvri lòt espas kreyatif.
Se sa mwen santi ak Wendyyy. Lè li nan rap ego a, se menm naratif la k ap retounen: li original, yo kopye l, li te la anvan, yo te panse l fini, li toujou anlè. Lè li chante lanmou, se yon lòt bouk: li bezwen lanmou, li soufri ladan l, li pa ka kite l, li pran distans, epi li retounen ankò.
Li toujou ka jwenn nouvo punchlines, nouvo jwèt mo ak nouvo metafò, men sa pa sifi pou kache pwoblèm nan: fon diskou a ap tounen an won.
Nan yon moman, sa pa rele signature ankò. Sa rele mank renouvèlman kreyatif.
E ∞ a prèske vin pi bon senbòl la pou sa: menm naratif yo ap vire san fen.
mCo. retweeted
We just launched Photoshop (beta) Relight 🎉
You can change lighting of your images in real time!
Epi se sa Ayisyen rele Rezilyans lan wi. Se yon pèvesyon de sa rezilyans ye toutbon. Nou menm nou konfòtab nan lalòz kò n pou n pran fòm malsite, fòm lonbray ak fòm tènèb epi nou bat bravo pou tèt nou pou kapasite n pou n viv nan labou, anbatè nan kondisyon kadav... menm kadav g on minimòm laswenyay li mande pou l konsève.
Pami mòd panse mwen twouve ki pi destriktif lakay nou kòm Ayisyen, se tandans pou n toujou chèche mwayen pou n egziste anndan pwoblèm nan, olye nou revandike, fè fwon komen epi egzije pou l rezoud.
Sa fin tounen sèl reflèks nou.
Nou te konn achte kamyon dlo paske CAMEP pa t ka bay dlo, bati gwo mi ak babele paske pa gen sekirite, achte jeneratris ak inverter paske pa gen kouran ouyen gwo 4/4 paske pa gen wout... Chak fwa sistèm nan echwe, nou envante yon fason pou n viv ak echèk la. 🤦🏾♂️
Kounye a, lojik la depase sèvis piblik. Li antre nan lavi nasyonal nou ak kilti nou.
Pa gen sekirite, pa gen Ayiti? Li vin nòmal pou seleksyon an ap resevwa aletranje. Nou pèdi Violette vs Racing, Tempête vs Baltimore, ASC vs FICA, ak Don Bosco k ap bat tout moun 😏. Nou ap pèdi kanaval, fèt chanpèt, bal, fèt salon, plaj, jounen rekreyativ, ti djaz bò lakay etc etc…
Nou rive menm ap di manje ayisyen pi gou kèk kote a l’etranje. 🤦🏾♂️
E se la bagay la kòmanse fè m pè.
Nou pa sèlman ap adapte fason nou viv ankò. Nou kòmanse rekonsevwa sa sa vle di pou nou Ayisyen an fonksyon de lavi nou Ozetazini, Kanada ak lòt kote. Ayiti menm vin rezime ak yon kesyon vag nan yon konvèsasyon: “Sa k ap fèt anba a?”, oubyen 2-3 blag nostaljik sou sa nou te konn fè “anba a” gen 10 lane.
Mwen pa kont dyaspora a (mwen se youn tou). Yon pèp ka viv atravè plizyè fwontyè epi kenbe kilti li. Men gen yon diferans ant pote Ayiti avè w lòt kote ak fè lòt kote a vin espas prensipal kote Ayiti dwe egziste.
Pèp konn disparèt. Se pa toujou paske moun yo mouri oswa paske yo sispann rele tèt yo menm non an. Pafwa, se paske ti kras pa ti kras, yo pèdi kiyès yo ye.
M espere nou konsyan. 😞
Sa fè yon moman depi m ap travay sou yon mizik ki abòde sak ap pase la kote moun k ap kreye vin oblije nan sitiyasyon jistifye yo pa machin e yo se atis... kote kesyon merit la chanje kan e kote kounya plis yon moun pwofon nan detire atizay li se plis li parèt sispèk nan sa l ponn nan.
Yon pakèt machin ki nouri ak moun epi o final se moun ki parèt kounya sanble machin nan je limanite... atouka bagay sa pral fè gwo dega...














