Tendances tech, innovation & futur numérique. John Boisguéné — TekTek

Haiti
Joined April 2011
Yon tribinal Ozetazini kondane Meta, konpayi ki posede Facebook, Instagram ak WhatsApp la, pou l peye 25 MILYA dola ameriken akoz pratik ki twonpe itilizatè sou pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl yo. Desizyon sa a, ki soti nan eta New Mexico 21 oktòb 2026, gen rapò ak eskandal Cambridge Analytica a, kote done pèsonèl jiska 87 milyon itilizatè Facebook te tonbe nan men yon konpayi analiz politik san konsantman yo. Done sa yo te kapab sèvi pou konstwi pwofil psikolojik ak politik moun yo pou vize yo ak mesaj pèsonalize. Yon jiri te idantifye 43,899,725 vyolasyon lwa sou pwoteksyon konsomatè, sitou akoz deklarasyon Facebook te fè sou fason li kolekte, itilize, pataje ak pwoteje done kliyan li yo. Atansyon, chif sa a reprezante kantite vyolasyon legal yo, se pa kantite moun ki viktim. Teknikman, dosye a montre yon gwo danje nan ekonomi dijital la: lè yon platfòm bay aplikasyon ekstèn aksè ak done itilizatè, san kontwòl serye sou fason done sa yo ap itilize, enfòmasyon pèsonèl kapab tounen yon zouti siveyans, pwofilaj ak enfliyans. Meta konteste desizyon an e li anonse l ap fè apèl. Men leson an enpòtan pou tout konpayi teknoloji: done pèsonèl moun pa yon machandiz yo ka eksplwate san limit. Sekirite enfòmasyon, transparans ak konsantman itilizatè yo pa yon favè konpayi yo fè piblik la; se obligasyon yo. Lè konfyans kliyan yo tounen yon estrateji pou twonpe yo, konsekans yo kapab rive nan plizyè milya dola. #TEKTEK
5
1,227
Nan peyi kap soufri tankou Ayiti, kandida pa manke; se dirijan ki pare pou sèvi nasyon an ki manke. Vin depite, senatè oswa prezidan pa dwe yon rèv pou satisfè anbisyon pèsonèl ou. Men: pou kiyès n ap pran pouvwa a?, pou ki peyi? Pouvwa se yon chay sèvis ak sakrifis, se pa yon privilèj. San lanmou pou patri a ak yon pwojè serye pou rebati lasante, ledikasyon ak ekonomi pèp la, se fotèy(plas) n ap chèche, se pa avni nasyon an. Pèp ayisyen an merite dirijan ki sèvi l. Espwa Ayiti chita nan angajman sa a. #TEKTEK
1
8
538
LinkedIn kòmanse pran mezi serye kont piblikasyon IA ap pwodui an mas, san refleksyon ni kontribisyon pèsonèl. Dapre yon etid Pangram pibliye an jiyè 2026, anviwon 41 % piblikasyon LinkedIn ki depase 250 mo nan echantiyon yo analize a te klase kòm tèks IA ekri totalman . Fenomèn sa a rele « AI Slop » : kontni ki souvan byen prezante, ak bèl fraz, men ki repete menm lide yo san pote ase enfòmasyon itil. LinkedIn ajoute yon bouton pou itilizatè yo siyale kalite piblikasyon sa yo; plis pase yon milyon moun te itilize l nan de premye semèn yo. Platfòm nan sèvi tou ak pwòp IA pa li pou idantifye kontni ki pa gen ase valè epi limite kantite moun algoritm li a montre l. Dapre LinkedIn, mezi sa yo deja fè kantite vizyalizasyon kontni li klase kòm « AI Slop » bese a 40 %. Sa pa vle di sèvi ak ChatGPT, Claude oswa Gemini se yon pwoblèm. Pwoblèm nan se lè moun kite IA reflechi, ekri epi pran plas eksperyans ak konesans yo nèt. IA dwe ede nou kominike pi byen, pa fabrike yon ekspètiz nou pa genyen. Yon tèks kapab byen ekri san li pa aprann pèsonn anyen. #TEKTEK
4
736
📱🎟️ Votre prochaine sortie commence ici ! Passpam est disponible sur iPhone. Découvrez les événements, achetez vos billets et ajoutez-les à Apple Wallet pour les retrouver facilement le jour J. Téléchargez l’application dès maintenant 👇 apps.apple.com/us/app/passpa… Android arrive bientôt ! Certaines options de gestion restent accessibles sur passpam.com. #Passpam #Billetterie #Haïti #Diaspora
419
Anpil fanmi ayisyen pase plizyè dizèn lane ap chèche pitit yo ki te ale nan adopsyon, pandan gen moun yo te adopte aletranje ki grandi san yo pa janm konnen kiyès paran biyolojik yo ye. Se pou ede moun sa yo òganizasyon ayisyen “Voie d’Espoir” ap travay depi 2020. Òganizasyon an mete sou pye yon platfòm entènèt, voiedespoir.org, kote moun ki te adopte kapab kreye yon pwofil pou chèche orijin yo, pandan fanmi biyolojik yo kapab enskri, bay enfòmasyon, dokiman ak foto ki ka ede jwenn moun y ap chèche yo. Avèk pwojè RAPWOCHE / KONEKTE, Voie d’Espoir itilize rechèch sou teren, verifikasyon enfòmasyon ak tès ADN, lè moun yo dakò, pou ede idantifye lyen fanmi yo. Sit la disponib an kreyòl, fransè ak anglè, sa ki fasilite aksè pou moun ann Ayiti kou aletranje. Sa se yon bèl egzanp kote teknoloji sèvi pou rezoud yon pwoblèm sosyal ki gen gwo konsekans sou lavi moun. Mwen envite nou vizite voiedespoir.org, dekouvri travay òganizasyon sa a epi pataje enfòmasyon an. Paske dèyè chak dosye adopsyon, gen yon istwa, yon fanmi, e petèt yon manman oswa yon pitit ki toujou ap tann nouvèl lòt la. #TEKTEK
4
440
Efforce-toi de laisser chaque personne que la vie place sur ton chemin un peu plus heureuse que tu ne l’as trouvée. Car la véritable grandeur d’une existence ne se mesure ni à ce que l’on possède, ni à ce que l’on accomplit, mais à la lumière que l’on dépose dans le cœur des autres et à la douceur que l’on laisse derrière soi.
5
477
Tesla prezante nouvo Roadster li a, yon machin elektrik ki entegre teknoloji enspire de domèn ayewospasyal la. Apre prèske 9 lane ap tann depi premye anons li an 2017, Tesla ak SpaceX devwale yon nouvo modèl ki itilize ti propilsè a “air” konprese anba gwo presyon (cold-gas thrusters) pou amelyore akselerasyon li epi pèmèt li fè mouvman ki pa nòmal pou yon machin. Pandan demonstrasyon an, Roadster a te rive dekole pandan yon ti moman, fè manèv pandan lanlè epi woule tèt anba sou yon estrikti espesyal gras ak yon sistèm aspirasyon ki kenbe l kole ak sifas la. Tesla anonse machin nan kapab pase de 0 a prèske 97 km/h nan mwens pase yon segonn, yon pèfòmans ki mande verifikasyon endepandan. Men, yon demonstrasyon teknolojik pa menm bagay ak yon machin ki pare pou sikile sou wout piblik. Sekirite pasaje yo, otorizasyon legal, fyabilite sistèm yo ak pwodiksyon an rete gwo kesyon an. Tesla vle kòmanse pwodiksyon machinn sa aan 2028. Sa montre kijan teknoloji otomobil ak teknoloji ayewospasyal ap kòmanse rankontre, men se rezilta tès reyèl yo k ap detèmine limit inovasyon sa a.#TEKTEK
3
28
1,427
Omwen 8 eta ameriken depoze plent kont OpenAI, yo akize ChatGPT dèske li ta vyole lwa sou pwoteksyon konsomatè epi ta ekspoze timoun ak adolesan ak repons danjere oswa fo repons. Pami eta yo genyen Iowa, Arizona, Arkansas, Idaho, Kansas, Montana, Nebraska ak West Virginia. Plent yo pale notamman de konsèy medikal riske, ankourajman konpòtman danjere, ak entèraksyon yo konsidere kòm twò “emosyonèl” pou itilizatè vilnerab yo. Sa yo se akizasyon legal ki poko pwouve nan tribinal. OpenAI, bò kote pa li, di li deja mete pwoteksyon espesyal pou itilizatè ki poko gen 18 an, tankou ChatGPT for Teens, filtè kontni sansib, kontwòl paran ak mekanis verifikasyon laj, epi li di l ap kontinye amelyore sistèm sekirite sa yo. Dosye sa a montre yon etap enpòtan nan evolisyon IA a: batay la pa sèlman sou sa modèl yo kapab fè, men sou kiyès ki responsab lè yon sistèm IA bay yon repons ki ka fè yon itilizatè mal. #TEKTEK
446
Grab ak OpenAI lanse pwogram “GO Forward with AI” pou fòme chofè, vandè ak lòt travayè endepandan sou fason pou sèvi ak entèlijans atifisyèl pou ogmante revni yo. Nan peyi Thailand sèlman, 3 000 patisipan pral resevwa fòmasyon pratik sou sèvis kliyan, maketing, jesyon finans ak lòt zouti, ansanm ak 3 mwa ChatGPT Plus gratis. Objektif la ale pi lwen pase senpleman “poze IA kesyon ”: patisipan yo pral aprann kijan pou sèvi ak ajan IA pou egzekite plizyè etap nan travay yo, kreye ti sit entènèt ak rann de seri de pwosesis otomatik. Pwogram sa a fè pati de yon plan pi laj ki se fòme plis pase 30 000 travayè ak antreprenè nan Azi Sidès pandan 2 pwochen ane yo. Sa montre yon chanjman enpòtan: IA ap soti nan etap kiryozite a pou antre dirèkteman nan fòmasyon pwofesyonèl, pwodiktivite ak kreasyon nouvo revni. E nou menm an #Haiti kisa nou fè deja? #TEKTEK
2
395
Thélyson Orélien et la controverse autour de l’IA : Pangram peut-il réellement prouver qu’un livre a été écrit par une intelligence artificielle ? Lorsqu’un détecteur affiche « 100 % AI », faut-il considérer ce résultat comme une preuve irréfutable ? Dans cette vidéo, nous examinons cette question avec la rigueur technique, la clarté et le recul critique qu’exige un sujet aussi sensible. Notre analyse propose de comprendre le fonctionnement des outils de détection de textes générés par intelligence artificielle, les caractéristiques linguistiques et statistiques sur lesquelles ils s’appuient, ainsi que les limites de leur fiabilité. Nous expliquons notamment ce que recouvrent les notions de faux positif et de faux négatif, pourquoi des performances remarquables obtenues dans des conditions expérimentales ne garantissent pas nécessairement une précision équivalente dans des situations réelles, et surtout pourquoi un pourcentage affiché par un algorithme ne saurait, à lui seul, constituer une preuve définitive de l’origine d’un texte. Au cœur de cette analyse : Comment les détecteurs de textes générés par IA établissent leurs prédictions ; La distinction fondamentale entre indice, estimation algorithmique et preuve vérifiable ; Les enseignements et les limites des recherches scientifiques consacrées à la détection de contenus artificiellement générés ; Les risques de faux positifs et de faux négatifs ; Les raisons pour lesquelles ces technologies suscitent aujourd’hui d’importantes controverses dans les milieux littéraires, universitaires et scientifiques. À l’heure où l’intelligence artificielle transforme profondément les pratiques d’écriture, d’édition et de création intellectuelle, il devient essentiel de distinguer ce que la technologie permet réellement d’établir de ce qu’on lui prête parfois à tort. L’objectif de cette vidéo n’est ni d’accuser ni de disculper, mais d’éclairer le débat à partir d’éléments techniques, de connaissances scientifiques et d’une analyse dépassionnée. Pour celles et ceux qui souhaitent comprendre les véritables enjeux de cette controverse, loin des jugements hâtifs et des conclusions précipitées, cette analyse apporte des clés de compréhension accessibles à tous. Abonnez-vous à TekTek pour découvrir des analyses approfondies, rigoureuses et accessibles sur les technologies émergentes, l’intelligence artificielle et la cybersécurité. #Tektek #IntelligenceArtificielle #IA #ChatGPT #Pangram #ThélysonOrélien #Technologie #Littérature
6
21
894
Ann eseye konprann poukisa gen de seri de konpayi ki toujou ap tonbe!? #tektek
4
12
658
Passpam.com se yon platfòm kote nenpòt moun ka pibliye yon evènman, kit li gratis ou pa. Pou yon aktivite gratis, òganizatè a ka kreye yon fòm enskripsyon san frè jan li vlel la; pou yon aktivite peye, li ka mete kategori tikè, pri ak kantite plas ki disponib. Patisipan yo ka jwenn evènman an sou platfòm nan, ranpli fòm nan oswa achte tikè yo. Lè peman an konfime, sistèm nan asosye tikè a ak kòmand lan epi bay li yon QR kòd pou ajan yo verifye nan antre a. Patisipan an ka konsève tikè li nan kont Passpam li oswa ajoute l nan Google Wallet oubyen Apple Wallet li. Òganizatè yo sèvi ak platfòm nan pou pibliye aktivite yo epi jere enskripsyon ak lavant; patisipan yo sèvi avè l pou jwenn evènman, enskri, achte epi prezante tikè yo. #Tektek
1
1
5
455
Kòmsi moun okap nou pa konn sak limyè wouj la vre?
8
1
1
32
3,423
Nan peyi ki byen òganize yo, limyè sikilasyon se yon sistèm sekirite ki gen pwogramasyon, siveyans a distans, kouran sekou ak antretyen regilye; lè yon chofè pase sou limyè wouj, yon ajan oswa yon kamera apwouve anrejistre plak machin nan, lè ak kote vyolasyon an fèt, epi apre verifikasyon, yo voye kontravansyon an bay responsab la, ki gen dwa konteste li. Ka Okap la montre enstale limyè yo pa sifi: fòk gen yon enstitisyon ki responsab yo, teknisyen pou antreteni yo, siveyans, sansibilizasyon ak aplikasyon lalwa. Ayiti deja gen enjenyè, teknisyen, kamera, rezo telekominikasyon, enèji solè ak lojisyèl pou fè sistèm sa yo fonksyone; sa ki nesesè se òganizasyon, kowòdinasyon, disiplin ak swivi. Lè limyè a wouj, kanpe se pa fè Leta plezi, se pwoteje lavi pa w ak lavi lòt moun. Nou pa ka mande yon peyi modèn pandan nou refize respekte règ ki fè yon sosyete modèn fonksyone. #TEKTEK
1
4
14
699
Videyo limyè wouj nan vil Okap la poze yon refleksyon ki depase sikilasyon: ki jan nou ka mande chanjman si nou menm nou pa respekte règ ki fèt pou pwoteje tout moun? Gen kote, lè nou janbe fwontyè, nou suiv lwa yo san diskite. Men lakay nou, pafwa limyè a wouj, machin yo kontinye pase. Limyè wouj la vle di kanpe, sof si yon ajan ap dirije sikilasyon an. Ann respekte siyal yo, kite pasaj pyeton ak kafou yo lib, epi mande pou yo byen fonksyone. Devlopman pa kòmanse sèlman ak gwo pwojè; li kòmanse tou nan konpòtman nou chak jou. Chanjman nou reklame a dwe parèt nan fason nou viv ansanm. #TEKTEK
2
7
24
1,086
Kliyan Capital Bank yo dekouvri yo pa ka antre nan kont yo ni itilize sèvis anliy yo. Nan yon avi 4 oktòb, bank lan te pale de yon ensidan teknik ki afekte aplikasyon ki konekte ak sistèm santral li. Li te anonse tou sèvis ATM yo pa t ap disponib epi bank lan pa t ap louvri 5 oktòb. Pandan kliyan yo ap chèche konprann pwoblèm nan, yon paj ki prezante tèt li kòm pòtay LockBit 5.0 montre non domèn bank lan nan yon lis, ak yon delè ki rive 19 oktòb. LockBit se yon gwoup kriminèl ki sèvi ak lojisyèl chantaj: li ka bloke sistèm epi menase pibliye done li di li pran Men, yon non sou lis pirat entenet la pa pwouve sistèm bank lan te pirate ni done kliyan yo te vòlè. Capital Bank di done kliyan yo pa afekte epi ekip li ap verifye enfrastrikti a. Pou kounye a, ann prezante sa kòm yon reklamasyon ki poko konfime, epi tann lòt enfòmasyon ofisyèl #TEKTEK
4
6
3
49
5,167