Papou Finando ak todo el mundo alawonbado
Pou chèf gang yo ak manm gang yo k ap kenbe kat konpatriyòt nou yo an otaj ann Ayiti:
Mesye nou kidnape yo pa konbatan. Yo se teknisyen nan domèn avyasyon ki fè pati misyon nou ann Ayiti, nan kad yon misyon entènasyonal. Misyon nou an gen sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun, pa fè lagè.
Men, nou te kidnape yo yon fason lach pandan yo t ap retounen apre yo te fin achte manje nan yon makèt nan zòn nan.
Se poutèt sa, jodi a nou te lanse yon operasyon militè pou pote yo sekou. Nou gen yon sèl objektif: fè kat konpatriyòt nou yo retounen lakay yo vivan, san okenn mal.
Men, mwen vle pou nou menm, chèf gang yo, konprann yon bagay byen klè: atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si nou pa remèt toule kat otaj yo vivan.
Epi pa pran pawòl nou yo pou menas san fondman. Nou deja fini ak gang yo nan El Salvador, e nou kapab fini ak nou tou.
Nou toujou gen tan pou evite sa.
Remèt nou kat konpatriyòt nou yo vivan, san okenn mal, epi tout bagay ap retounen jan sa te ye anvan kidnaping lan.
Desizyon an nan men nou.
M ap pale mari a mal, madanm li vinn defann li😢
Wodne gen sekirite tou 😂😂😂
Peyi teyat
Pandan pasaj mwen nan gran nò peyi a, mwen te pwofite al enskri kòm elektè nan komin natal mwen teryewouj. Kòm sitwayen se yon devwa sivik pou n patisipe nan egzèsis demokratik la pou n remete peyi a sou chimen devlopman.
#VivEleksyon #VivDemokrasi
Kijan fè gason ki sendomeng yo pa janm gen yon bon pafen sou yo ? 😭
Mal nan yon aktivite Maison Kreyòl yeswa , pifò gason yo te santi bouk
Mwen apèn ateri Santo Domingo pou vinn kore ansyen zanmi m @TainoL
Tout moun ki vle fè foto ak paj la, 20$!
😂😂
Mpanse Wendyyy pap chache vyouz nan entèvyou, li ka fè vyouz pou kont li nan yon senp live IG ou facebook. Lap chache yon kalite konvèsasyon ki koresponn ak standard pa l kòm atis. Men si nan yon konvèsasyon ki dire tout tan sa , se vyouz yo w chwazi al konte sa vle di w pi alèz nan konte ke nan konprann. Se pa grav !
















