Steven retweeted
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel
Steven retweeted
Plus de 2 000 parfums vendus en une seule semaine ! 🥹
Tout ça, c’est grâce à la confiance que vous accordez à RG LUXE BEAUTY. Du fond du cœur, merci. 🤍
Don’t Give Up et Can’t Get Over You sont officiellement SOLD OUT ! Vous avez déjà commandé plus de 500 parfums supplémentaires. Ces nouvelles commandes seront expédiées dès que nous aurons reçu le réapprovisionnement.
Merci infiniment pour votre patience et pour tout l’amour que vous donnez à cette collection. 🤍
Vous pouvez continuer à passer vos commandes sur rgluxe.com. Elles seront expédiées dès réception du prochain stock. ✨
Restez connectés sur @rgluxeparfums pour être informés du réapprovisionnement. Merci encore pour votre patience et votre soutien ! 🤍
Steven retweeted
Ane sa a, nan Vètyè, m santi vwa zansèt nou yo k ap travèse listwa pou vin pale ak nou ankò.
Mesaj la klè:
Eritaj yo te kite pou nou an te mande kouraj.
Reyisi konba 2026 la, mande kouraj tou.
Yo te pote batay pou libète ak diyite pi lwen pase fwontyè Ayiti, jouk nan peyi Amerik Latin yo.
Jodi a, listwa ap fè eko, Salvadò vini konfime sa nou tout te deja konnen: se mank volonte ak konplisite dirijan pa nou ki fè n po t ko delivre peyi nou anba gang, anba sistèm konze, peze-souse, ki kenbe tout pèp la an otaj.
Komemore Vètyè se selebre Ewo yo, men tou, se okazyon pou n idantifye lenmi nasyon an : kit yo ak sapat, kit yo ak kravat. Tout sa yo ki trayi peyi a, ki vann diyite ak souverènte pèp la pou lajan, pouvwa ak enterè pèsonèl yo.
Antanke desandan youn nan fondatè nasyon sa a, mwen pran angajman pou m onore sakrifis Ewo Vètyè yo, pou m kontinye batay yo, pou n derasinen sistèm trayizon sa a jouk nan rasin li. Pou n koupe fache ak tout men kache ak Lagrandyab k ap rale fisèl ensekirite a.
Operasyon Salvadò yo louvri yon brèch nan miray kaptivite nou nan men gang.
Men se responsabilite pa nou, kòm Ayisyen, pou n fè brèch sa a tounen yon liberasyon dirab baze nan Jistis Sosyal kòm chimen pou pwogrè kolektif.
Se sèl garanti nou ka bati pou pitit nou pa tonbe nan tchouboum sa ankò.
Sou memwa Vètyè, m ap sèmante nou, ke nou p ap bay legen. Nou p ap fè bak.
Fò n reveye menm kouraj zansèt nou yo pou n derasinen tout malveyan k ap kenbe peyi nou anba pye yo, pou n mete Ayiti sou chimen lapè, estabilite ak pwosperite pou tout pitit tè a.
Steven retweeted
Ou pale franse ?
📢 Patisipe nan yon wèbinè k ap fèt sou pwogram «Entrée express». Vin dekouvri kijan w ka vin viv Kanada sou estati travayè kalifye ki pale franse epi jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a.
📅 19 Novanm, 4è lapremidi
Enskri 🔗 us06web.zoom.us/webinar/regi…
Steven retweeted
Doktè Moyiz FOTO SA A FÈT AN FEVRIYE 2024. – at Cincinnati, OH
OUVERTURE DE L'ASSEMBLÉE GÉNÉRALE DU MOUVEMENT INTERNATIONAL « POUR LA LIBERTÉ DES NATIONS ! » — MOSCOU, 16 novembre
Pitit Dessalines prend part à l'Assemblée générale du Mouvement international « Pour la liberté des nations ! », qui se déroule actuellement à Moscou, en Fédération de Russie.
Une participation qui témoigne de l'engagement de notre parti en faveur de la souveraineté des peuples, de la liberté des nations et de la solidarité internationale.
@russieunie @MedvedevRussiaE
@er_ru #ЗаСвободуНаций #UnitedRussia @PPDHAITI
#MouvementInternational
Steven retweeted
History this important deserves to be seen and shared with everyone. The Eyes of Ghana is a remarkable film about Ghana's fight for independence, the visionary leadership of Kwame Nkrumah, and the extraordinary footage captured by Chris Hesse that helped preserve this chapter of history.
Now, in collaboration with @ishowspeedsui, people around the world can watch this powerful story for free on his YouTube channel. I hope you'll watch it, share it, and help us celebrate this extraordinary story. youtube.com/watch?v=o3xA1J8B…
Steven retweeted
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.
Steven retweeted
rgluxe.com/collections/the-1…
The Golden Collection is now available for preorder. ✨
Meet Can’t Get Over You and Don’t Give Up, two unisex fragrances from RG LUXE BEAUTY, inspired by 12 ERA. 💛
Preorder yours now at Rgluxe.com.
#TheGoldenCollection #12ERA #RGLuxeParfums
Steven retweeted
As the founder of RG LUXE, this one is especially personal to me. You’ve spent a year making the songs from 12 ERA your own, and now I get to share another side of the album with you through fragrance. I’m so proud to finally introduce Can’t Get Over You and Don’t Give Up. Which one are you reaching for first? Please us on IG: @rgluxeparfums
12 ERA
THE FRAGRANCE COLLECTION
RG LUXE PARFUMS
Steven retweeted
Mwen salye angajman fòs salvadoryèn yo nan batay kont gang yo. Kontribisyon GSF, PNH, Fòs Lame Dayiti ak patnè entènasyonal yo pèmèt nou ranfòse operasyon sou teren an, reprann kontwòl teritwa a epi retabli otorite Leta. Chapo Prezidan Nayib Bukele @nayibbukele pou soutyen ak angajman w nan konbit nasyonal kont gang yo.
Ayiti, Salvador, GSF : menm konba, menm detèminasyon! Kolaborasyon an ap kontinye.
GANG YO PAP GEN DOMI NAN JE !
Steven retweeted
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
Steven retweeted
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Steven retweeted
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
ANONS KANDIDATI POU PREZIDAN - ETZER EMILE
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
Steven retweeted
Derrière chaque projet musical se cache une histoire. L’équipe de Chokarella a rencontré Teddy Hashtag pour remonter aux origines de son EP Teddy’s World sorti recemment. De l’inspiration aux choix artistiques, le chanteur raconte le processus de création d’un projet de 7 titres où la vulnérabilité occupe une place centrale.
Découvrez l’histoire de Teddy’s World, racontée par son créateur, au micro de Chokarella
Steven retweeted
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Steven retweeted
M paka tann pou moman sa rive🇭🇹🎉
Ou ka al pran Tikè'w depi jodi a nan El Rancho oswa Cafe 36.
Rele nan 4819-1919 pou Rezèvasyon VIP
See y'all soon🫶🏽




























