Ado pral di w gen menm diskou ak gang yo 😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂
Nou gen kont twitè tou, nou DWE BAY OPINYON NOU TOU
E m dakò ak nou papa, m pa pral fè tansyon frape m atè pou nou
Ou di tout bagay frèm
Replying to @Standart45
Ou kòrèk wi, e sa a s on gwo pwob wi papa… Se sa yo rele “motivated reasoning” lan wi, yo kite emosyon pran plas refleksyon podyab, moun yo deside sèvi ak larezonnen pou defann sa yo deja kwè Pluto sèvi ak li pou egzamine èske sa yo kwè a kòrèk… e se la a shit send lan tou wi..
Baz oooooooo, moun yo jis ap mal atake pwoblèm nan epi yo panse ou menm k ap pran l nan pwofondè l c defann w ap defann bandi
Kiyès ki pa ta renmen viv an pè? Apa moun k ap pwofite kreye richès nan deranje klima lapè a bien sur
Dòk Chrismy fenk sot bay yon chif 700 mil la, moun yo jis malonèt epi enbesil mete sou sa 🤦🏿♂️
Replying to @Standart45
Klè monchè!! Yon bagay pa klè devan je moun yo kon sa pou yo ap rablabla. Ann pran egzanp kafou si kafou pa plis pase 500mil moun e chans ann ta di moun sa yo di y ap kite kafou ki zòn k ap resevwa yo kay kiyès yo prale? Anpil fwa se yon seri moun ki pa menm ayiti k ap ranse.
Monchè! M di w c aprann yo p ap aprann, e gen kote c pa bandi k pran yo vre, c leta menm ki livre yo li sou yon tapi wouj anplis 😊
Bon jan deja vu a wi, e nan epòk sa yo te gen anpil pro PHTK ki t ap di Kafou p ap tounen Matisan
C anyen nou p ap aprann 😩😩
Anben pouki deba sa menm Fam pandan mw ak ou deja dakò sou menm bagay ? Twit mw an te byen presi, pyès moun pa gen dwa ap pennalize pou sa l pa fè ,
Dayè menm bandi yo pa touye nou tout sinon mw m pa t ap la ankò pou m nan twit ak ou la 🤷🏿♂️
Fòs lòd pa ka ap aji san reflechi
Paske leta pa pran mezi pou kwape sa depi sou Jovnèl.
Wi se vre, gen moun m konn wè k ap di bonbade fwaye bandi yo sou pretèks se sèl bandi ki okipe espas sa yo, m toujou pa dakò ak sa paske g anpil inosan ki kontrenn pou rete la.
Men g anpil moun tou k ap evoke koze dwa moun nan se paske fenomèn gang nan aranje yo.
Se la m twouve nou pa janm konvèje.
Gen move je k ap mande pou aplike dwa moun jis paske sa aranje yo, menm jan ak moun ki di lage bonm jis paske yo menm yo p ap viv la, e yo pa gen fanmi yo k ap viv la.
Nou dwe fè balans lan si n vle di yon bagay ki p ap deranje moun.
O final c ou k gen rezon
Nou pa renmen li vre, e konprann nan ankò s on lòt bèy pou majorite nan nou 😩😭
E pouki sa lavi n depann de volonte gang yo?
Kiyès ki responsab sa?
Pale pou tèt ou Fam ak koze pyès moun pa di this or that la
Gen moun ki kategorikman di bonbade tout zòn ki teritwa pèdi yo, e c te toujou diskou yo sa depi lontan
E mw c de yo menm menm m ap pale
Pyès moun pa di pou popilasyon sivil la mouri tou, Standart.
M twouve nou egzajere lè n foure popilasyon an nan jan n bay pawòl sa a sans.
A yon moman, gang yo t ap kouri dèyè moun yo, genyen k te al nan lòt zòn, gen k t al nan vil pwovens yo. Se le moman pou leta ayisyen te prepare refij pou moun sa yo, pou ekwasyon an te ka pi fasil pou yo. Men non, yo pa t janm gen plan kont fenomèn gang nan vre.
Chak yo pale de operasyon g on ansanm moun ki gentan evoke koze dwa moun tankou yon pinga. Kòmsi m ta di w, si g on operasyon, tout popilasyon sivil la ap mouri nan blòk sa yo kanmenm. Sa se manti.
San bliye, gang fè masak sou yo, tchwe yo jan yo vle ak lè yo pito nan menm zòn sa yo.
Lavi n depann de volonte gang yo nan peyi a.
Dan dan 😊
Gen anpil nan nou la ke m te swiv nou, pito m te swiv plis kont PANNO, konsa m ta fè ti Estanda rèd epi byen bat li
Genyen k pa ankenn fè esprè, yo te konn ap di Kafou, Delma, PV p ap tounen Matisan, paske pou yo c Matisan an k te pwoblèm nan 😩🤷🏿♂️
Pou Kafou a yo te kwè nan yon Karavàn ki s on lòt gwoup gang jis sou yon lòt fòm
Reflechi ki difisil pou yo kòm ekzèsis konsa frèm 🤦🏿♂️
Kafou ki annik rete konsa yon bon maten, yo anvayi l tout polisye nan komisarya a kouri san patalon an, popilasyon sivil la dwe mouri tou paske moun ki te sanse la pou pwoteje l ak sèvi l yo te chwazi kouri kite l pito?
Nou vreman panse pwoblèm sa ap ka rezoud jan n ap di la











