Lecturing Fellow in🇭🇹 Kreyòl & Culture at Duke 📖 & Stanford 📖. PrDir. 4 DukeEngage in Miami☀️. Join me in moving Kreyòl forward ✈️ . Kay pou ou🌹KREYOLIS🪘!

Durham-NC-USA || Okap-Nò-Ayiti
Joined March 2014
Ala bèl sa ta bèl si anpil nan konpatriyòt nou yo ki enterese nan politik ta chwazi apwòch mach eskalye a. Sa vle di, koumanse nan baz la pou yo pran esperyans jis yo rive nan tèt Leta a yon jou. An menm tan, sa pa vle di yon konpatriyòt pa ka sote kèk mach eskalye. Sa pral depann de rezilta li bay anvan, rezo li konstwi epi kapasite l pou l byen konprann fonksyonnman Leta a. Antouka, pou ou menm ki ta renmen dirije peyi a yon jou, n ap envite w suiv apwòch mach eskalye a nan poze kandida w swa pou Kazèk/Majistra/ Depite/Senatè anvan menm ou panse pou okipe chèz boure a. Se pa pòs la ki dwe fè w kwè w enpòtan, ki dwe ba w vizibilite, men se ou ki dwe bay pòs la vizibilite nan konpòtman w ak travay/rezilta w ap bay ki kadre ak fonksyon an. E se sa ki pral fè w enpòtan nan je moun ki bay valè enpòtans. Yon konpatriyòt ki pran apwòch mach eskalye a ap bay tèt li plis tan pou li konnen Leta a, pou li konnen kouman peyi a kòde, e sa ap ba li ase tan pou li obsève diferan sektè/aktè ki gen yon seri monopòl nan men yo. Konsa, depi konpatriyòt la te deja gen volonte ak kapasite pou fonksyon an, l ap rive fòme yon ekip kote li ka reyini graten peyi a nan diferan domèn/sektè pou li jwenn diferan estrateji pou kwape pratik/moun ki merite kwape, negosye lè sa nesesè epi tranche nan enterè Ayiti. Kòm konpatriyòt sa a te gen chans viv Leta a, viv aktè yo nan pratik li te gen ak yo, sa ap ede l anpil konn kiyès ki kiyès, pa sèlman nan pale, men ak bonjan dokiman/prèv. Aprann konnen Leta a gras ak esperyans, viv Leta a tout bon vre nan nanm li ap toujou ba yon konpatriyòt posiblite pou li konstwi tèt li, bati yon matirite politik, konstwi bonjan rezo/ekip, idantifye diferan moun sou teren politik la pou fòme bonjan alye. Epi, rive devlope bonjan taktik politik pou jwenn yon minimum akò ak diferan advèsè politik sou anpil sijè ki kreye divizyon nan mitan sosyete a/nou menm. Nan ka yon fonksyonnè (direktè jeneral, minis..) ki fè yon bèl karyè nan Leta a tou (20-30 lane), yon fonksyonnè modèl kote majorite moun konnen l kòm sitwayen onèt, li kapab suiv apwòch mach eskalye a tou. Antan l ap travay nan yonn nan ministè yo, li dwe konstwi bonjan relasyon ak diferan sektè yo (ekonomik, politik, kiltirèl) antan l ap aplike sa lalwa di, travay ak diferan branch pouvwa yo kote se konpetans/pwofesyonalis fonksyonnè sa a ki fè tout gouvènman an/sosyte a gen respè pou li. Apre sa, fonksyonnè sa a kapab deside lanse l nan batay politik la anba yon pati politik li t ap milite ladan pou de twa bon lane. Konsa, esperyans li nan Leta a makonnen ak travay sivik/sosyal li kòm manm aktif nan pati politik li ladan an ap sèvi l anpil pou l ta bay rezilta, pase l vin parèt tankou yon papa toudenkou. Plis nou gen Majistra/Depite/Senatè ki fòme (konesans teyorik, konesans pratik) e ki moun tout bon vre, se plis n ap ka kreye yon Leta ki reskonsab. Plis nou gen moun ki dakò suiv apwòch mach eskalye a, se plis nou p ap aspete yon moun ki parèt an grenn senk vin pran pouvwa fasil fasil san l pa konn anyen nan Leta a, san l pa te janm monte okenn mach. Frekante moun k ap travay nan Leta a, tande istwa sou fason Leta a ap fonksyonnen se yonn, men se lè w anndan Leta a tout bon vre, anndan vant bèf la, w ap rive konnen sa l ye / viv li nan nannan li (lwa yo, konbin k ap fèt, diferan eleman/ajan ki kle nan sistèm nan, chenn koripsyon an, fonksyonnè onèt/malonèt, moun k ap tire fisèl yo, fason sosis la mare).
1
109
Pou Dessalines Mèsi nan non Ayiti ras ak san pa pèdi libète pa gen pri lanmò w yon trajedi Yon mesi pa mouri podyab pou sa ki trayi nanm yo pa fouti geri non w ap fleri pou lavi Revèy la ap bouyi konsyans ap grandi pitit ou yo ap redi di viktwa a pou Ayiti cheri
107
2026 Haitian Film Series [Nov. 5, 13 & Dec. 4, 11, 2026 at 7:00 PM EST] N ap envite w vin admire travay sineyas nou yo sou peyi a, sou kominote nou an nan dyaspora a tou. Sinema se bonjan kout kamera makonnen ak istwa/temwayaj kote chak grenn pèsonaj nan yon fim kapab touche konsyans nou, nan fason pa yo, pou ede nou aji. An nou kite kout kamera yo fè nou viv tout sa ki bon lakay nou, antan n ap travay pou amelyore/chanje reyalite nou san nou blije fache sou moun ki dèyè kamera yo. Yonn di lòt. An nou rasanble pou nou selebre 15yèm seri a/konbit la. Gade afich la pou plis detay. Annik klike sou lyen ki anba a nan dat sa yo; 5, 13 novanm, & 4, 11 desanm 2026 a 7:00 pm (lè Ayiti) duke.zoom.us/j/96083321193 Meeting ID: 96083321193 Nou deja di w mèsi pou patisipasyon w.
130
Plis n ap joure yonn lòt, antre nan satiman yonn lòt, antre nan lavi prive yonn lòt, devwale yon sekrè yon moun te pataje ak nou paske nou nan kont ak li, plis n ap rann divizyon ki te deja egziste antre nou an pi fon/gran. Se pa tout pawòl ki dwe soti nan bouch nou lè nou an kòlè yonn kont lòt. Di mil eskiz p ap janm ka efase yon kalite pawòl/jouman ou chwazi pou pentire yon moun. Nou kapab toujou kritike, denonse ak anpil severite, men se enpòtan pou nou respekte entimite chak grenn moun, lavi prive fanmi yo tou. Kesyonnen fòmasyon yon moun dapre yon pawòl li di, se byen. Montre li pa gen ase konpetans sou sa l ap pale a, bon bagay. Fè yon moun konnen karyè pwofesyonèl li pa fin dwat pase sa pou li bay yon opinyon kredib sou yon sijè ki delika/konplèks, byen tonbe. Epi, vini ak bonjan agiman, rale achiv pou montre menm moun sa a li gen fòs kote nan sa l ap di a, bobo nennenn. An nou evite pran kò fizik yon moun (fi kou gason), oryantasyon entimite li (fi kou gason), kòm sib pou nou rabese moun nan. Lè anpil nan nou pran plezi nan fè sa, se maleng divizyon an n ap fè tounen java. E konsa, posiblite pou nou travay ansanm sou yon pwojè vin difisil anpil paske gen twòp jouman ki te vize moun nou te atake a nan mounite pa l. Pa bliye pwovèb kreyòl la ki di “Bay kou bliye, pote mak sonje”. Pawòl se kou tou ki kite mak, e move mak ankò paske mak sa yo pa vizib. Tout mak ki pa vizib se nan kè a y al chita. E lè kè a chaje ak mak konsa, pa gen plas pou lanmou, solidarite ak konpasyon.
1
182
Chak grenn Ayisyen gen pou devwa pou li konpòte l byen tout kote l pase. Sa pa vle di, nou tout ap rive fè l. Men, se yon egzijans nou tout gen devan nou. Premye kote nou dwe koumanse sa se lakay nou. Pa gen okenn peyi ki kapab fè pwogrè si moun yo pa gen yon minimòm respè pou lalwa, espesyalman moun ki nan gouvènman an/yo. Devwa “elit”yo (entelektyèl, ekonomik, kiltirèl, politik…) se mete yo dakò sou ki sosyete yo vle kreye, sou ki Leta yo vle kanpe nan mond lan pou yo make egzistans yo. Yon klas moun ki gen lajan ak konesans pa fòseman yon “elit”. Y ap vin yon elit lè yo konprann nesesite pou kreye lavi kote y ap viv la dabò. Epi, lè yo deside travay pou kreye yon peyi ki kapab fè konkirans ak lòt peyi, espesyalman peyi yo pataje fwontyè ak li. Chapo ba pou Jean-Price Mars ki te pibliye “La vocation de l’élite” nan lane 1919. Tanpri, li liv sa a lè w gen yon ti tan, espesyalman politisyen nou yo. Se yon moniman ki kapab ede nou transfòme sosyete nou an. Devlòpman yon peyi pa chita sou rasanble/ mete tout moun ansanm, men pito sou kapasite moun ki nan elit la pou mete yo dakò sou yon pwojè sosyal pou mete peyi a an chantye 24 sou 24. Yo tout pa blije pataje menm ideyoloji/kwayans. Denominatè komen an dwe rete Ayiti antan y ap konstwi yon sosyete ki chita sou diyite ak fyète. Egzanp: dlo potab pou tout moun, lekòl pou tout moun, wout nan tout peyi a pou konekte tout zòn yo, elektrisite pou tout moun, posiblite pou majorite moun jwenn yon travay. Se tout sa yo k ap kreye lespwa, k ap fè plis moun rete nan zòn pa yo epi rete nan peyi a tou. Jou klas politik ak ekonomik nou an konprann koze dlo, kouran, wout, lekòl se yon minimòm pou tout moun, n ap rive konstwi yon Leta tout bon vre. Domaj, anpil nan nou jodi a ki fè pati ti minorite zwit ki te gen chans jwenn dlo, kouran, ale lekòl itilize opòtinite sa yo pou nou rabese yon lòt konpatriyòt ki pa te jwenn sa yo lè l t ap grandi. Yonn nan rezon ki fè majorite moun pa te jwenn opòtinite sa yo se paske Leta nou an te toujou yon Leta manfouben, yon Leta ki (te) toujou nan men yon gwoup moun ki chaje ak prejije. An nou pa bliye, depi peyi sa a fonde, majorite moun, espesyalman sila yo ki pa grandi nan gran vil yo, e menm lè gen anpil nan yo ki te grandi nan gran vil yo, pa (te) janm jwenn minimòm sèvis Leta ta sipoze bay tout moun. Konsa, sa ka lakoz anpil nan nou pa grandi ak fyète, diyite ak lanmou nou ta sipoze gen pou peyi nou. An nou konstwi yon Leta ki prezan nan tout peyi a paske Ayiti se tout kote ki egziste sou teritwa a. Se klè gen vil oswa depatman k ap toujou pi devlope pase yon lòt. Men, sèvis elemantè yo tankou dlo, lekòl, wout, lasante, pa dwe yon privilèj pou yon ti minorite zwit.
2
2
207
Plis n ap selebre lang nou, anseye l, kreye/pwodui ladan, plis n ap konfime rasin lengwistik nou. Vin selebre 14yèm edisyon an/konbit la ak nou nan dat 28 oktòb 2026 a 6:00 pm won kon boul. Annik klike sou lyen an lè lè a rive. duke.zoom.us/j/99424166662  Meeting ID: 994 2416 6662 An nou kontinye travay pou nou fè selebrasvon sa a vin/tounen yon tradisyon.
1
3
602
Pasyans, pasyon, pèseverans, se twa eleman enpòtan nou bezwen nan tout sa n ap fè pou nou rive konstwi yon bilan pozitif. Chak grenn mo sa yo mande anpil jefò, travay, sakrifis ak sans kritik pou rive pwofonde yo chak nan tout dimansyon semantik yo. Yonn nan pwovèb nou genyen ki kapab ede nou byen analize/peze mo sa yo pou nou rive reyalize rèv nou se “Chita pa bay”. Pa gen syans san pasyans. Pa gen aksyon san pasyon. Pa gen konfyans san pèseverans. Pasyans, pasyon, pèseverans, 3 P pou trape sa w ap chèche, pou kreye bonjan zouti k ap fè w ateri nan lavi.
1
1
2
661
Se pa kote w rive a ki enpòtan, men se ki jan w rive a. Respè, konfyans ak merit dwe al jwenn moun ki pa konpwomèt tèt yo, ki pa wont gade tèt yo nan glas, pou yo rive nan pozisyon yo ye a. Lè nan yon sosyete/kominote/peyi, majorite moun ki nan gwo pozisyon yo se wout tè a (ranpe, flate, bay kout lang, vann kò yo, trayi…), yo te pran pou rive, enben se menm wout tè sa a anpil nan yo ap atann ou menm k ap chache travay pran, pou yo kapab byen akeyi w nan klèb la. Konsa, yonn nan nou p ap ka gade lòt nan je ak fyète, diyite paske nou tout melanje. Ou menm ki pa deside pran wout tè sa a, kouraj ak anpil fòs. Reziste antan w ap fòme tèt ou. Gen moun nan jenerasyon anvan w lan, ni nan jenerasyon pa w la ki pa (te) pran wout tè a e ki pa t ap / p ap janm pran l. Pa rete chita paske chita pa bay. Fè sèvo w mache paske opòtinite toujou reponn prezan pou moun ki pa janm bouke fè sèvo yo travay. Aprann fè wout merit la antan w ap suiv moun ki fè l deja. Aprann idantifye yo. Se ou menm ki pou chache yo paske yo toujou la an silans. E anpil fwa yo la ak nou, pre nou, men nou iyore yo paske nou twouve yo twò senp. Enben kalite moun sa yo toujou senp. Se moun tou ki gen pasyans ak anpil rezistans. Bwi pa fè yo afiche ki moun yo ye vre paske yo pa sote pou bwi ni sote sou bwi. Pa etonen non, pafwa gen anpil bon moun ki ta vle louvri yon pòt, yon wout pou ou, men kòm li wè ou banke ak anpil moun k ap suiv wout tè a, se moun sa yo w ap venere, se yo ou menm bay batize pitit ou, maryaj ou. Konsa, li vin pè mete w bò kote l paske moun ki pa konpwomèt tèt yo pou rive nan lavi a aplike pawòl sa a “Sa w frekante se sa w ye.” anpil nan lavi yo. Pa konfonn banke ak yon moun/ frekante yon moun ak di yon moun bonjou. Salitasyon se yonn, frekantasyon se yon lòt.
1
240
Si anpil nan nou ki pa renmen wout/direksyon peyi a ap pran an pa leve kanpe, pa òganize nou pou n kapote sistèm san manman sa a ki la depi dikdantan, nou tout riske pase anba grif yo anvan lontan paske lavi nou tout an danje. Plis bandi/gang yo ap touye moun, pran plis teritwa, plis y ap pran fòs e se plis y ap detwi Ayiti tou. Plis otorite nou yo fè silans, plis yo pa reyaji douvan masak sa yo, se plis yo montre kouman yo pa gen yon pwèlyèm konsyans/diyite/mounite lakay yo. E se klè yo san nen, san trip, san tèt. Solisyon an nan men nou menm konpatriyòt konsekan yo. Si nou kontinye ap ret gade, n ap rive yon kote menm kriye nou p ap ka kriye ankò. Jodi a, li enpòtan pou nou vire do bay pwovèb/pawòl “Zafè kabrit pa zafè mouton” an pou nou anbrase pwovèb “Men anpil, chay pa lou”’a Si moun ki plase pou bay sekirite yo pa ka fè djòb la e yo refize demisyone, se nou menm majorite k ap soufri a ki pou pwoteje lavi nou. Premye sib nou ta dwe otorite/dirijan yo, se paske yo twò alèz nan peyi a, yo sikile jan yo vle tout kote ki fè yo refize aji. Epi mete sou sa, se klè (anpil nan) yo nan konfyolo ak bandi yo, e (petèt) yo gen menm mèt. Defann tèt (n)ou se yon dwa sakre. Pa bliye pwovèb/pawòl sa a “Lawouze fè banda toutotan solèy pa leve”.
1
263
Pwoteje lavi, kreye lavi, se devwa yon gouvènman. Lè yon gouvènman pa ka fè sa, espesyalman yon gouvènman ki pa te jwenn okenn vòt nan men pèp li, gouvènman sa a dwe bay demisyon l san pèdi tan. Sa ki rive Kenscoff la se yon dram an plis ki montre kouman se yon bann sangwen, enkonpetan, kriminèl ak kravat ak kriminèl ak gwayabèl k ap (mal) dirije peyi a. E moun ki premye responsab la se premye minis la (Alix Ddier Fils-Aimé). Majorite nan moun politik nou yo renmen pouvwa, men yo pa vreman konnen devwa yo. Sèl sa ki enterese yo se pran ochan epi gonfle pòch yo. Kè se kòf. Dirije fèt pou moun ki gen je, vizyon, konpetans pratik, esperyans ki chita sou rezilta epi ki gen kolòn vètebral. An nou sispann swen kòk pou Fizeme.
2
262
Demen pa garanti fè tèt ou plezi pa kouri dèyè zanmi evite fè lennmi pou granmesi Chak grenn jou konte laj pa janm kanpe viv pou ka gade w nan glas pa janm bouke aji ak klas Pa jennen selebre sa w akonpli tout moun gen dwa pou yo grandi plis w ap reve plis w ap leve viv lavi w jous jou pa w la rive
1
215
Bilan pa gen pale anpil ladan, li chita sou sa w fè. Si w te okipe yon pòs politik/desizyon, ki bilan w ? Pa gen zafè vin rale tout kalite rezon ki fè w pa te ka fè x oswa y. Chak moun, nan lavi pèsonèl li, gen bilan pa l pou l fè tou. Bilan w se miwa w/glas ou (san nou pa rantre jwèt tout ti vis ladan l). Apre 5-10 lane travay/etid, fè bilan pwòp tèt ou. Se bilan w k ap di w oswa k ap ede w konprann ki jan ou (te) itilize/jere tan w tout bon vre. Kite sa w (ap) fè pale plis pou wou pase w tonbe nan pale tout lajounen sou sa w ta renmen fè oswa ou ta fè si w te nan plas x oswa y. Plis w ap pale, se mwens tan ou vin gen nan men w pou poze aksyon. Plis w ap fè/aji, se plis ou gen pawòl pou pale bonjan pawòl ki kadre ak sa w ap fè (nan lavi w, nan kominote w, nan domèn ou).
2
639
Viv lavi w ak disiplin ak prensip pou demen pou zanmi ak fanmi pa mande w sa w t ap regle lè w te jenn fanm/gason oswa lè w t ap travay. Pa bliye pwovèb la di : “Jan w ranje kabann ou se konsa w dòmi .”
569
Desten lang nou an nan men nou. Kote l ye a se rezilta travay nou. Kote l ap rive a se va rezilta travay nou tou. Valè jefò a, valè rezilta a tou. Sa w plante se sa w rekòlte.
727
Kote merit pa domine, se eskonbrit ak chirepit vire tounen.
451
Ayiti kalifye, se byen. An nou pwofite momentum nan pou rantre lajan pou seleksyon an. Pou ki federasyon an (FHF) pa travay ak yon antrepriz pou fabrike yon milyon mayo, e menm plis, prese prese ? Konsa, Ayisyen tout kote va jwenn yon fason pou sipòte seleksyon an ? E lajan sa a ta ka sèvi seleksyon an nan preparasyon li pou Mondyal 2026 la. Mayo yo te sipoze disponib menm kote nouvèl la di Ayiti kalifye. Domaj ! Si sa ta rive se mwen ak de twa moun ki pa konnen si mayo yo disponib. FHF, tanpri di nou kote n ap jwenn mayo yo. Moun ki nan dyaspora a ap kontan achte mayo pa yo pou sipòte ekip la. Ayisyen anndan kou deyò ap kontan fè sa. Epi de twa moun ki zanmi Ayiti ka achte tou. Antan n ap selebre, an nou jenere lajan pou nou kore ekip la. Pou fini, FHF ta sipoze deja ap travay sou konsepsyon yo lo mayo ki ta dwe disponib 2 senmenn anvan Ayiti jwe premye match li nan Mondyal 2026 la. Konsa, moun ki prale nan match la va mete mayo sa a pou pote sipò yo bay ekip la, e sila yo ki pa kapab deplase va mete mayo a antan yo chita lakay yo ap gade match la. Si FHF pa ka fè sa, se pou l jwenn yon antrepriz ki ka ede l fè sa. Pa rate momentum nan.
486
Pou Grenadye yo Nou fè Ayiti bèl bravo pou nou bèl viktwa douvan Nikaragwa nou konn sa Ayiti vo Grenadye yo viv pou Ayiti Ayisyen tout kote ka di viv Ayiti randevou kase pou 2026 fwa sa a Ayiti p ap soti tris Yon nouvo jenerasyon boul nesesite pou nouvo dirijan yon lòt Ayiti kote lavi fleri katon wouj pou sila yo k ap mate li
1
3
537
Li liv pou viv, men pa viv sèlman pou liv.
1
2
331