
Lè w pa gen sa w renmen, renmen sa w genyen. #principelavie. 💞💕💞
Haiti
Joined December 2020
- Tweets5.3K
- Following448
- Followers979
- Likes5.1K
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
UNICEF te ede m kòmanse karyè mwen nan Nasyonzini nan fè benevola Pou yo🙏🏽
Jodi a, mwen vle pataje yon resous ak tout moun, sa se platfòm mondyal UNICEF pou aprantisaj ak devlopman pwofesyonèl.
📌 Li gratis nèt
📌 Fasil pou itilize, sou òdinatè, tablèt oswa telefòn
📌 Sètifika Dijital $0.00, zewo dola!
📌 Aksede l depi nenpòt kote nan mond lan
Pataje ak tout moun ou konnen ki bezwen yon bèl opòtinite gratis! 🌍
Ale isit la: agora.unicef.org/
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Bonjou tout moun !!!
Men kèk bagay nou dwe genyen pou tèt nou, pa tann yon moun vinn ba nou yo:
– Endepandans finansye
– Konfyans nan tèt nou
– Respè pou tèt nou
– Limit klè
– Lapè enteryè
– Objektif pèsonèl
– Kontwòl emosyonèl
– Valè ak prensip
– Estim de swa
– Lavi pa nou
Yon moun pa vini pou l ranpli nou… li vini pou l konplete nou.🤏🏽
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Université TELUQ nan peyi Canada ap ofri plizyè fòmasyon gratis ak atestasyon, se fòmasyon ki ap ede w, nan kad pwofesyonèl ou, ede w anbeli CV ou, e ki kapab louvri lòt pòt pou ou nan kad pwofesyonèl ou 👉 teluq.ca/site/etudes/formati…
Pa neglije pataje ak yon lòt pwochen.
Bòn Chans 💡
Lavi a te konn pi fasil lè blesi yo te konn nan jenou...
Timoun li granmoun konprann...
Bon week-end depi jakmel...
22
forms.office.com/e/kBGwwzhUe… itilize lyen sa pou ka ranpli fom nan. Mèsi pou sipo w
30
Ti pep sa gen yon jan li rayi moun kap fè efo ladan, yo gon w jan yo dikte w sa w dwe fè kijan w dwe viv.
Yo gon w jan yo fin pale tenten pou fè depresyon epi se menm yo menm nan kap pran pitye pou ou anko.
Ki jan yo rele model moun sa yo anko?
28
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Gen yon sit entènèt ki rele Data Annotation kote ou aplike epi ou pase yon ti tès pou verifye si ou byen konprann prensip la. Apre sa, yo peye w pou antrene entèlijans atifisyèl (AI).
Gen plizyè pwojè ki louvri regilyèman, epi ou ka konekte lè ou vle pou w chwazi epi fè sa ki mache pou ou.
Peman an kòmanse a $20 pa èdtan, men gen kèk pwojè mwen wè ki peman yo rive jiska $30 pa èdtan.
dataannotation.tech/generali…
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Èske w te konnen ou ka etidye nan yon Inivèsite Ozetani san w pa kite Ayiti?
Rèv mwen se wè plis jèn pwofesyonèl ayisyen ap aprann, ap kreye, ap fè tèt yo travay.
Pa sèlman pou yo “gen yon diplòm”, men pou yo gen opsyon, gen vizyon, gen chwa.
Chak fwa mwen wè yon jèn gason antre nan gang, kè m fè m mal. Mwen imajine tout sa li te ka ye.
Yon enjenyè.
Yon pwofesè.
Yon antreprenè.
Yon espesyalis teknoloji.
Olye de sa, gen moun k ap peye l pou detwi lavi lòt moun ki sanble avè l,
pou detwi katye l,
pou detwi pwòp avni pa l.
Sa pa yon pwoblèm kapasite.
Sa se yon pwoblèm opòtinite, edikasyon, ak aksè.
Se pou sa mwen kontinye repete verite sa ke anpil moun pa konnen 👇🏾
Wi, ou ka etidye nan inivèsite nan mond lan SAN w pa kite Ayiti.
Gen inivèsite ameriken akredite, 100% online, ki aksepte elèv k ap viv Ayiti, tankou:
🎓 University of the People
🎓 Arizona State University (ASU Online)
🎓 Penn State World Campus
🎓 Oregon State University (Ecampus)
🎓 UMass Global
📚 Ou ka etidye:
• Business
• Computer Science / IT / Cybersecurity
• Education
• Health Administration
san viza, san vwayaje, san kite Ayiti.
Entènèt kraze fwontyè.
Edikasyon se yon zouti liberasyon, pa yon liks.
Mwen priye yon jou :
Ayisyen konnen fòs yo
Ayisyen fyè de idantite yo
Ayisyen konprann ke sa mond lan pè a, se potansyèl nou
Nou pa fèt pou detwi.
Nou fèt pou bati, dirije, envante, ak transfòme.
Si w se yon jèn ayisyen, ou pa piti.
Si w gen Entènèt, ou gen kle a.
Pataje l ak yon lòt, batay edikasyon an dwe batay nou tout.
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Ou pa oblije kite Ayiti pou w travay ak mond lan.
Sa ou bezwen, se estrateji. Men etap yo:
Premye etap:
Chwazi yon konpetans ki mache sou entènèt.
Yon sèl bagay.
Tankou IT support, cybersecurity de baz, data, AI tools, project support, customer support.
Dezyèm etap:
Bati yon pwofil pwofesyonèl.
LinkedIn se pa opsyon, se obligasyon.
Foto pwofesyonèl.
Bio ki di sa ou KONN FÈ, pa sèlman sa ou ye.
Twazyèm etap (trè enpòtan):
Lè w ap chèche travay sou LinkedIn,
chwazi “LATAM”, ki vle di Latin America.
Anpil konpayi ap chèche moun nan rejyon sa a
pou travay remote,
e Ayiti tonbe ladan l.
Pa limite tèt ou ak “United States”.
Panse rejyonal. Panse global.
Men lòt sit kote ou ka jwenn travay remote,
menm si w ap viv Ayiti:
– WeWorkRemotely.com
– RemoteOK.com
– Wellfound.com (AngelList)
– FlexJobs.com
– Upwork.com (kontra)
– Toptal.com (pou nivo avanse)
– weareproppel.com/careers (travay remote pou konpayi mondyal)
Sou platfòm sa yo,
sa yo gade se konpetans ou,
pa paspò ou.
Katriyèm etap:
Travay sou anglè fonksyonèl, pa anglè pafè.
Ou bezwen konprann, ekri, epi reponn klè.
Pa kite pè anglè a bloke w.
Senkyèm etap:
Rete konsistan.
Aplike chak jou.
Aprann chak jou.
Amelyore pwofil ou chak semèn.
Gen moun k ap viv Ayiti
epi k ap touche an dola, euro,
pa paske yo gen chans,
men paske yo konprann sistèm nan
epi yo suiv etap yo.
Pataje l ak yon lòt
#Travay #remotework #haitian #haiti
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
M konn sa m pra l di yo p ap sot la rive la men m ap di yo m s on moun avize ak tout bon sans li sou li.
Nou g on anbasad RD ki tankou yon ti chanm kay,an plen 2025 anndan pa friz,moun pil sou pil chita sou chèz plastik,devan anbasad la,nou konn ayisyen s on pèp sangwen,yo pise,yo jete fatra,pil machann bonbon sirèt devan,pa gen yon Twalèt piblik a dispozisyon sa pa youn nan responsab yo anyen tèlman s on bann salòp,pandan Anbasad se imaj yon drapo yon peyi nan yon tè etranje.
Anba nan Santral prizon kote yo met moun yo avan yo depòte yo,pa janm netwaye Ayisyen yo pise twalèt kote y ap dòmi an,imajine prè de 500 moun fèmen yon kote ap fè plizyè jou avan yo depòte yo
M pa bezwen di w konbyen tip maladi k ap pwopaje
Anbsad la pa janm di anyen sou sa pa janm voye moun al netwaye anba
Lè moun yo rive sou fwontyè a,pa g on sant atansyon primè pou bay premye swen, si g on moun ki gen yon tèt fè mal,vant fè mal,dyare,yon moun ki dyabetik,asmatik,yon moun ki fè tansyon wo paske tout moun sa yo mikwòb salte,bakteri melanje y ap g on malèz kanmèm e gen nan moun yo ki gen gwo maladi ki enfekte a dè Viris mòtèl tankou Vih,Epatit B,Gonore. Kounya jis imajine nan 500 moun 100 enfekte ki pra l pwopaje maladi bay popilasyon
Si n te gen moun kite konn li ak ekri ki pa t sòt o dènye degre nan peyi a,apre n ta fin analize moun sa yo nou t ap gen yon kote apa n mete yo ba yo swen pou evite yo kontamine plis moun
Kounya g on pratik kidnapping sou fwontyè a,vyòl depi w pa gen kote pou ale lè yo depòte w ou an gwo danje sou fwontyè a🤦♂️
Men si n te gen yon Leta kite met li mèt se tant a dispozisyon pou moun yo menm pase nwit l an sa pa t ap rive,e brigad zòn yo depi yo jwenn ou san pyès yo di w se bandi y ap touye w
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
🦋 Recap 🦋
.
.
.
Saturday night was more than a concert — it was history in the making. ✨
I want to extend my gratitude to all of you!
.
To my staff: @luxcreativestudios @abdiaslaguerre @parc_pierre_louis @stephaniedouyon @blackbirdentertainmentinc @gs_simeon @allurearmadainc @oriolvatelia @bigioestigene
.
To my musical director: @jacksonchery
To my incredible musicians: @keys_dope @bnjmn_______ @igroovey @_therealcity.e
My guests: @kennyhaiti @oswaldsxm @tjozenny
My dancers: @miitchroe @dedley07 @yannkd_03 @raddherna @call.me.neenah @south_kiiingtheversatil @amelz_16 @monija_mk @_theenameistheresa &
The ballerina : @michelove_93
My hostess : @cynthia.jeanlouis
My Dj’s: @manitonation @djrleen
My sound engineers: @rodlin.pierre @bishop__sam
To the amazing Chef who took care of my belly for a week straight: @duodechef
To my surprise guests: @pablo_idiz @melo_idiz @modeline_raymond
My background vocalists: @hleeymillz @swt.tay @heidixcass 💙
My glam team: @achaiasaget and TEAM 🦋
To every journalist, radio host, TV presenter, blogger, and writer who took the time to speak about me, write about me, and share my story — THANK YOU. 🙏
and everyone who worked tirelessly behind the scenes 💙🦋
THANK YOU! MERCI! MÈSI!
You brought my vision to life with so much passion and excellence.
And to the public, my beloved #Fateam 🦋 … this dream would have never been possible without you. Your love, your voices, your energy filled every corner of that legendary room. Together, we didn’t just perform, we wrote a new page in history.
From the bottom of my heart — I see you, I honor you, I love you. This is OUR victory. 🦋
Now I want to hear from YOU:
👉🏼 Which city should I bring the concert to next? Drop it in the comments ⬇️
#PwotejeM #Olympia2025 #FateamForLife
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
D-fi se pi gwo Lirisis ke Rap kreyòl la pa janm konnen:
poum jistifye gwo deklarasyon sa mw pwal dekòtike yonn mizik misye ke mw prefere e ki rich avèk referans istorik, kiltirèl ak sosyal, ki rele Mond yo a. Yon mizik ke D-fi mete limyè sou enjistis ak kontradiksyon nan mond nou an. Map dekri 3 kouplè mizik sa youn aprè lòt yon kouplè chak jou, jodia se Kouplè 1 an. Ann dekòtike li ansanm.
Kouplè 1
Defi kòmanse premye kouplè an konsa:
Ak rap mwen m louvri on fenèt pou m gade mond lan.
Pawòl sa vle di, li pran rap li kòm yon mwayen poul dekri sa li wè nan mond lan san fòs kote, sa li wè kap pase soti nan mond lan, pase mwayen Oryan, rive Ayiti pou fini Kastro ki se katye li grandi. Ebyen a travè sa atis la Obsève li deklare: So much thing to say kou Bob avan m jwenn tonb lan. Defi fè alizyon a yon mizik Bob Marley ki pote menm tit lan; “So Much Things to Say.” Pou rapè Bob Marley, lejand reggae Jamayiken an, te koni pou chante rebèl ki denonse enjistis. D-FI di li gen anpil bagay pou l di menm jan avèk li, anvan li mouri. Referans sa a tou mete mizik la nan liy tradisyon atis rebèl ki sèvi ak mizik pou pote yon mesaj e denonse enjistis.
Chòk se lè m li Bouira se lestomak on timoun douzan k resevwa bonb lan.
Atis la deklare nan rim sa ke li choke anpil lè li pran nouvèl ke nan vil Bouira an Aljeri ke yon timoun douzan resevwa yon bonm nan Lestomak li, imaj sa te choke anpil moun nan mond lan, se yon fason pou l montre jan mond sa terib e san pitye menm pou timoun.
Defi pa pran tan poul pale de lakay, li deklare : M pa ka ret endiferan lè anfas la moun ap manje tè ak siwo. Kisa pawòl sa vle di; gen yon reyalite nan kèk zòn an Ayiti ke moun telman grangou yo manje tè melanje ak Siwo, sa yo rele galère labou oubyen biskwi tè nan kèk zòn, lèm te piti Ayiti fanm ansent te konn manje li anpil bò lakay mw pòdepè, lèm ap etidye nan sante Mw dekouvri ke se souvan a koz de yon karans an fè ki konn lakòz.
Li di ke li pa pi konsyan pami atis yo, ki fè li pale de bagay sa yo men li santi li gen yon responsablite moral pou l di yo nan mizik li, pou rapèl nan mizik Lòt bò baryè a ki se yon mizik Mw renmen anpil tou, li dekri tèt li kòm pitit geto, paske li fèt chancerelles yon zòn nan site solèy kote Manman li Esther ak Gran paran papal te fè tout jefò pou voye li lekòl kat frè poul pat erite de mizè sa. Sa vin bal yon pouvwa poul chante reyalite moun sa yo, se pou sa li di aprè: M ekri sa k touche sansibilite m, e paske yo di m gran pouvwa mande gran responsabilite. Fraz sa raple nou yon konsèy ke tonton Ben te bay Spiderman nan yon fim ki trè popilè: With great power comes great responsibility. Defi aplike li pou tèt li, paske antanke atis ki gen yon mikwo, yon vwa yon piblik li dwe pale nou de pwoblèm sa yo, li esplike li nan yon metafò nan mizik lòt bò baryè a tou, li di nan mizik sa: Mi yo gen zòrèy, mwen m se vwa koridò yo. Nan kilti nou an gen yon pwovèb ki di mi gen zòrèy lèw pa vle di yon pawòl fò pou lòt moun tande, Li pran ekspresyon sa a pou l di li menm li se vwa koridò yo, nan geto yo koridò se yon ti wout etwa ki gen de mi Ebyen li di li se vwa pawòl ki pa ka soti a travè mi sa.
Li kontinye denonse sa kap pase nan mond lan : Yo di m, ennmi lapè se machann zam; yo fabrike l, fò itilize l, yo fè lagè paske sa rantab. Defi nan liy sa Defi mete aksan sou machann zam yo ki se pi gwo opozan lapè, paske si gen pè yo pap ka vann Zam sa yo alò yo antre nan dè peyi al fè lagè paske li rantab pou gran puisans tankou etazini, lafrans etc… se yon fason atis la ap souliyen ipokrizi gouvènman ak endistri peyi sa yo ap fè lajan menm si sa enplike ke yon bonm tonbe sou Lestomak yon timoun.
Li deklare aprè: Se reyalite a k tris, mizik mwen se reflè l. Nan pati sa defi dekri mizik li tankou yon miwa ki ap pwojte sa kap pase nan mond lan, se pou sa moun ap toujou dil se yon atis angaje ki pa mainstream paske gen twòp bagay kap pase poul ta nan fè mizik fantezi li pito chante reyalite a menm sil lèd li sal.
1/2
Petite Peste pitit Feray ❤️🔥♎ retweeted
Li deklare : M te panse refè mond lan, la m pè pou mond lan pa refè m. Lè nou jèn nou gen vizyon ak bèl rèv kijan nou ka rann mond sa pi jis pou tout moun, vin yon Ewo, Ebyen Defi di li pè pou mond sa se pa konronp li vin konronp rann li vin mechan, sa ki fè referans ak yon pawòl yon sociologue Pierre Bourdieu fè ki di: « L’homme est le produit de son milieu ». Ki esplike ke enpak sosyo kiltirèl sosyete a ka fasone idantite nou Ebyen sa metel nan yon dilem e li pè malgre bòn volonte pou chanje bagay yo, lemond tèlman mechan, li riske sibi move enfliyans adapte konpòtnan mond sa a.
Li fini kouplè ak yon reyalite frapan ki se pedofili ak eksplatasyon timoun nan mond lan ak Ayiti: M wè timoun tounen komès; kay Bondje yo a, pè beni bouda anfan kè apre mès.
Nan lirik sa li li esplike trafik timoun kap fèt, tankou timoun kap travay kay moun, adodsyon ilegal, pwostitisyon e li avanse poul denonse pedofili nan legliz katolik kote pè ap vyole anfann kè apre sévis. Atis la esplike ke legliz ki ta sipoze defann moral, kache krim sa yo sou timoun.
Apre li fin site zak imoral legliz ak sosyete ap komèt, li di : M fèmen sou mwen menm, se pa yo k pou pale m de moral, paske mond rèv yo a se kochma n. La atis la montre ke ni gouvèneman peyi sa yo, ni elit yo, ni legliz ke yo enpòte an Ayiti pa ka dikte li moralite paske se yon pakèt imoral yo ye, privilèj ke yap jwi a koz de richès yo se kochma gran mas lan, se yon kontras poul souliyen inegalite ant ti gwoup kap fè Abi pou viv byen e yon lot kap sibi abi sa yo ki nan lamizè, se pou sa li di li fèmen sou li mete yon baryè ant li ak sistèm ipokrit sa a. Yon fason poul di li pran distans li.
Map vini ak kouplè 2 an demen kote li pwal pale de Aylan Kurdy epi pale de ipokrizi kominote entènasyonal laak Feblès konsyans nou e mank konpasyon fas enjistis.
Siw li tout sa felisitasyon repost li siw aprann kèk bagay epi ou renmen travay lan.
2/2














