Suspann konpare lavi w ak lavi lòt moun. Batay entèl pa batay paw. Ou wè rezilta yo, men ou pa konnen sakrifis li yo….
Evite konfonn reta ak echèk. Pafwa, lavi pran plis tan pou l prepare w pou yon bagay ou poko gen kapasite pou w jere.
🤍🪫💡
8
Ou pa bezwen wè yon moun ap kriye pou w konprann li ap soufri. Gen moun ki fèmen pòt chanm yo, yo depoze tout sa yo pa t ka di pandan jounen an sou zòrye yo.
❤️🩹
1
9
Pa mezire byennèt yon moun sou sa ou wè sou rezo sosyal li. Gen moun k ap poste bèl moman pandan y ap viv moman ki pi difisil nan lavi yo.
🤍
1
6
« Pafwa, pi gwo viktwa yon moun se pa sa li rive konstwi nan lavi a, men se lefèt ke malgre tout sa lespri l ap travèse, li toujou jwenn fòs pou l kontinye. »
🤍❕🤍
1
7
Mwen pa konnen sa demen rezève, men mwen aprann di mèsi pou bèl moun lavi fè m rankontre jodi a.
Be humble 🤍
2
11
Nouvo semèn, nouvo chans, nouvo batay. Pa kite sa ki pase yè anpeche w avanse jodi a.
Mwen swete w yon semèn kote efò w jwenn rekonpans, silans ou jwenn lapè, epi rèv ou jwenn chemen.
Bon lendi
🤍
2
10
