Blogfoot. retweeted
Etazini : Egzateman yon semèn depi yon avyon avèk yon elikoptè lame ameriken te fè kolizyon, 67 moun te mouri, jodia ankò yon avyon Japan Airlines avèk yon lòt avyon Delta Airlines fè kolizyon ankò nan Ayewopò Entènasyonal Seattle- Tacoma ( SEA), fwa sa okenn moun pa mouri, avyon Japan Airlines la frape avyon Delta Airlines la nan ke daprè jounal @FoxNews, evenman sa ki pase anviwon 10h: 15 maten an. Te gen 142 pasajè nan avyon Delta Airlines la ki ta prale Puerto Vallarta nan peyi Meksik, Japan Airlines pa bay twòp detay sou kantite moun ki te nan avyon pa li a.
Blogfoot. retweeted
Daprè yon kominike pou laprès @PrimatureHT mete deyò, premye minis la, Alix Didier Fils- Aimé pran responsabilite li nan nom gouvènman Ayisyen an, li angajel pou li pran an chaj frè medikal pou jounalis ki te blese nan atak ki te fèt 24 desanm 2024 la nan lopital jeneral la, gouvènman di Leta ap asime frè antèman polisye ak jounalis ki te tonbe nan atak sa, Leta ap pote soutyen materyèl ak sikolojik bay fanmi viktim yo, gouvènman garanti popilasyon an zak sa pap rete san yo pa pini moun ki fè zak sila. Yo gentan bay enstriksyon fòmèl pou kondane otè zak malonèt sa.
Blogfoot. retweeted
📌William ak Zachary Zulock, 34 e 36 lane kondane pou yo pase 100 lane nan prizon san posibilite pou yo libere sou okenn kondisyon, koup « Gay» sa oubyen Masisi te adopte 2 timoun gason ki nan laj 10 ak 12 lane, Daprè pwokirè nan Walton- Kentucky, Randy Mc Ginley, Mesye yo itilize Timoun yo pou fè sèks ak sèn pònografi, fè sèks anal ak yo abize yo epi fè videyo kote yap kouche timoun yo, William ak Zachari plede koupab pou eksplwatasyon grav sou minè pral pase 100 lane nan prizon Ozetazini .
Blogfoot. retweeted
Les haïtiens installés dans la ville de Springfield, en Ohio, craignent de faire partie des expulsions massives promises par le président américain élu, Donald Trump.
©️: @RadioCanadaInfo
Blogfoot. retweeted
📌Ekonomi : Ayiti sou wout pou li pèdi 10 a 15 mil job si kongrè ameriken an pa renouvle lwa HOPE/ HELP la, Lwa sa ki te bay aksè pou yon seri rad ki fabrike an Ayiti vann san taks sou mache ameriken an, sesyon an ap pran fen 3 janvye kap vini la, si anyen pa fèt se ap yon gwo kou di pou ekonomi Ayisyen an ki te deja an dewout deja, daprè responsab pak la se ap yon efondreman menm pou sektè tekstil la ki te deja sou yon pant kap desann . @MiamiHerald .
Blogfoot. retweeted
📌Kontrèman ak sa Otorite Leta Ayisyen yo te anonse, vòl yo ta pral retounen nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, Administrasyon Federal Aviyasyon ameriken (FAA) di li pwolonje entèdiksyon an toujou pou okenn Avyon komèsyal pa vini pòtoprens jiska 12 mas 2025, desizyon sa ki pran nan menm moman kote otorite Ayisyen yo te gentan fè konnen yo te menm eseye yon vòl nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a . American Airlines te gentan di li menm se fen 2025 lap konnen si lap reprann vòl li yo, ni Spirit, ni Jetblue pa kominike okenn dat nan ane 2025 yo konte reprann vòl yo nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, pou moman la se sèlman Okap ki sèvi espas ayeryen ant Ayiti ak rès mond la . ClC
Blogfoot. retweeted
📌Chèf gang Warf Jeremie a, Wa Mikanò, fè touye omwen 184 moun sòti 6 pou rive 7 desanm, daprè deklarasyon ONU 130 nan moun ki mouri yo genyen anviwon 60 lane, Chèf gang Mikanò atribye lanmò pitit li ak granmoun nan zòn nan, aprè konsèy yon ougan finn ba li ki fè kwè se moun nan zòn ki manje pitit li a, Wa Mikanò masakre 60 granmoun nan vandredi, 50 lòt nan samdi, moun sa yo mouri ak kouto epi manchèt, daprè deklarasyon plizyè òganizasyon kap defann dwa moun anpil nan moun sa yo boule epi yo jete rès kadav yo nan lanmè, poko gen gen yon bilan egzat sou masak kriyèl sa, men RNDDH rapòte bay jounal @RFI, genyen 184 moun ki pèdi lavi yo anba kout kouto ak manchèt sou lòd Wa Mikanò kap dirije Warf Jeremie . | CLC
Blogfoot. retweeted
📌Prezidan Joe Biden fè pitit gason an li a gras, Hunter Biden, Prezidan Joe Biden deside sove pitit gason an li ak yon evantyèl prizon, Hunter Biden rekonèt li koupab paske li te itilize zam a fe, li gen akizasyon fiskal ki peze lou sou do li tou, nan yon mwa ankò avan li remèt pouvwa bay prezidan eli a Donald Trump, prezidan Biden deside pa pini pitit li a, nap raple nan mwa jen ki sòt pase la Biden te di li pap itilize pouvwa ekstraòdinè li a nan enterè fanmi li, men pandan dènye jou sa yo se pa menm diskou a, yon desizyon Biden pran ki fè anpil pale Ozetazini . @AP
Blogfoot. retweeted
📌American Airlines @AmericanAir sispann vòl li te konn fè preske chak jou sou Ayiti yo pou 3 mwa, aprè yo ta pral dekouvri gen youn nan avyon li yo ki touche pa bal, American Airlines di li enspekte vòl 819 ki pòtoprens-Miami, li jwenn avyon gen plizyè tou bal ladanl men pa gen okenn moun nan avyon an ki blese, yo pran mezi sa pou kapab pwoteje lavi pasaje yo . @CNN
Blogfoot. retweeted
Pwogram Biden🇺🇸: Daprè yon atik ki pibliye jodia nan jounal @CBSNews, Administrasyon Biden nan pa swete renouvle "Statut parole " la pou Venezyelien yo, Venezyela ki te benefisye pwogram parole la depi oktòb 2022, aprè administrasyon Biden nan te vinn ajoute, Ayiti, kiba, Nikaragwa, 117 mil venezyelien te gentan rantre Ozetazini nan kad pwogram sa, pou kounyea sa ki pat gentan fè azil oswa benefisye yon lòt Statut yo, trouve yo anba menas depòtasyon, anpil obsèvatè di Etazini te kapab pwolonje Statut venezyelien yo pou 2 zan, men administrasyon Biden nan pa deside rantre nan lojik sa, eske sa vle di yo pap pwolonje Statut, Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen yo ki preske ekspire nan mwa kap vini la, Jounal @CBSNews enkyete anpil pou menm bagay la pa rive lòt 3 peyi ki te benefisye pwogram nan , malgre Administrasyon Biden nan te di pwogram nan te relanse, Jounal @CBSNews di pwogram nan sou pòz depi kèk mwa . CLC .
Blogfoot. retweeted
Administrasyon Joe Biden nan abandone lide pou transfòme fòs miltinasyonal la kòm misyon pou lapè ak estabilite , paske Larisi 🇷🇺ak la chinn opoze ak lide sa, 2 peyi sa yo vle pito pou pwolonje manda fòs miltinasyonal pou yon lane ankò, sa vle di oktòb 2025, Larisi ak la chinn pa sispann kritike Etazini paske li itilize pwoblèm peyi karayib yo ak enterè politik li, Larisi ak la chinn mande pito pou peyi ki te di yap patisipe yo vini rapid pito, si konsèy sekirite nasyonzini an apwouve pou yon lane ankò fòs miltinasyonal la an Ayiti, Lawisi ak la chine di yo prè pou bay lajan pa yo a, men yo pap bay Etazini lajan . @MiamiHerald
Blogfoot. retweeted
Plis pase 60 senatè ak depite nan pati demokrat la Ozetazini 🇺🇸,Ekri pou yon lòt fwa administrasyon Biden nan lide pou bloke trafik zam ki genyen an Ayiti avèk Eta Floride la, demokrat yo pèsiste pou bagay sa kanpe, malgre Ayiti gen anbago zam sou li, men sa p anpeche zam ak minisyon kontinye antre nan peyi a, lejislatè demokrat yo mande Administrasyon Biden nan pou li plis kontwole pò yo, se pou responsab sekirite enteryè ameriken an ede Ayiti jwenn yon solisyon ak trafik zam ak minisyon kap pede antre Ayiti yo . @MiamiHerald .
Blogfoot. retweeted
Depi kèk semèn Ayisyen ap pase anpil move moman nan men pati repibliken an Ozetazini, Aprè diskou rasis JD Vance ak ansyen prezidan Donald Trump te lanse kont Aysiyen nan Springfield- Ohio yo, fwa sa se depite Louisina Clay Higgins ki pat kache mo nan bouch li, pou li trete Ayisyen yo de sovaj, ganstè, "Voyou" , Clay di li poko wè pèp Mechan pase Ayisyen nan emisfè oksidantal la, mwen ba yo jiska 20 janvye pou yo kite peyi a, malgre chanm depite a prevwa pran sanksyon kont Clay, sa pap ebranlem paske nou gen dwa pou nou di sa nou vle Ozetazini se sa Clay deklare, li kontinye pou li di tout sa mwen di sou Ayisyen yo se sa vre, yo se Sovaj, gangstè, Vouyou . CLC - @CNN
Blogfoot. retweeted
Prezidan Kenya, @WilliamsRuto ap vizite Ayiti samedi maten, yon vizit ki vini aprè plizyè mwa depi polisye Kenya yo deplwaye an Ayiti pou ede polis nasyonal la, misyon sa ki chak jou ap fè fas ak pwoblèm lojistik, Prezidan Kenya ap gen pou resevwa yon akèy diplomatik akonpaye ak Prezidan Konsèy pwovizwa, Egard Leblanc Fils, yon vizit ki pap dire lontan, Touswit William Ruto ap gen pou rann li Ozetazini pou patisipe nan 79eme asanble jeneral nasyozini ap òganize a.
Blogfoot. retweeted
Nous exigeons la fin des mensonges haineux des républicains extrémistes ciblant les immigrants haïtiens à Springfield, dans l'Ohio.
Nous ne laisserons pas la peur et le racisme nous diviser. @RepCasar
Blogfoot. retweeted
Prezidan Joe Biden di li santi li tris, sa enkyete li sou deklarasyon ki pa kanpe sou anyen ansyen Prezidan Donald Trump fè kont ansyen yo, sa ki lage anpil perèz ak panik nan mitan kominote Ayisyen an kap viv nan Springfield - Ohio🇺🇸, Prezidan Joe Biden di pa gen plas pou bagay sa yo nan amerik la, li mande Donald Trump kanpe sou difamasyon an, atache près mezon blanch la Jean Pierre tap retransmèt mesaj Prezidan Joe Biden nan, Prezidan Joe Biden ensiste pou li di sa dwe sispann, sa dwe sispann, pa gen plas pou diskou rayisman sa yo Ozetazini . @ABC
Blogfoot. retweeted
Petro-Karibe 🇻🇪: Venezyela anile yon pati nan dèt Ayiti te genyen pou li a, Peyi Venezyela renonse avèk plis pase 1,5 milya dola pou Ayiti, se vrèman yon soulajman pou Ayiti, dèt Petro karibe a regle, aprè yon premye antant Ayiti te jwenn ak venezyela nan mwa janvye pase a malgre pat gen twòp detay, nan yon entèvyou minis finans la bay sou radyo majik9, li konfime Venezyela renonse ak plis pase 1,5 milya dola dèt pou Ayiti. Yon dèt ki te evalye ak 2,2 milya dola nan kad pwogram Petro-Karibe a . @RFI
Blogfoot. retweeted
Pwogram Biden 🇺🇸: Daprè jounal @NBCNews Administrasyon Biden prevwa relanse Pwogram Biden nan fen semèn sa menm, daprè sa yon responsab gouvènman ameriken an konfime pou jounal @NBCNews lè pwogram nan rekòmanse yo pral analize sponsò yo manyèlman pa lo avèk pwosedi ki etabli pou sa, Homeland Security (DHS) gentan gen 6 moun kle yap mennen ankèt sou yo, nan anviwon 2,6 milyon demann ki te genyen pou 4 peyi yo, gentan gen 530 mil moun ki antre nan pwogram Biden nan pou 4 peyi yo. Daprè previzyon ki te etabli a, rete anviwon 190 mil moun pou yo pran nan pwogram sa . | CLCl



















