Bashoo (@BashooAuguste) header
Bashoo (@BashooAuguste) profile picture

Coach en Nutrition

Joined February 2012
Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)Photo by Bashoo (@BashooAuguste)
👊🏽
Respè frè, nou ka di n nan bon bò a.
49
Vrèman, men vrèman anpil diskisyon sitou nan djaspora nou an. An reyalite, nou sitou ka fè diskisyon sa yo paske, nan yon sans, nou chita nan yon seri pozisyon ki relativman privilejye. Se pa yon repwòch, ni yon fason pou minimize atachman n ak peyi a. Nou rete konekte ak reyalite a atravè fanmi nou, zanmi nou, eksperyans nou, souvni nou ak tout sa ki mare nou ak Ayiti. Men toujou sonje gen yon diferans fondamantal ant viv yon reyalite chak jou ak viv li atravè moun nou renmen. Moun ki sou teren an, se yo menm k ap pote pi gwo chay la. Pandan 2 dènye semèn yo, mwen wè plizyè pozisyon k ap twoke kòn youn ak lòt. E mwen pa kwè pozisyon sa yo nesesèman an kontradiksyon, ni mwen pa panse youn oblije gen tò pou lòt la gen rezon. Se petèt la nou bezwen fè yon depasman nan fason n ap reflechi ansanm. Yon menm reyalite kapab genyen plizyè verite ladan l. E tout bagay sa yo oryante atravè Salvador. Yon bagay ki klè lè yon pèp pase tout tan sa a ap viv nan laperèz, nan ensekirite, nan imilyasyon, lè li pase anpil lane ap tann yon chanjman ki pa janm rive, gen yon moman kote li pa menm gen liks pou l chwazi kiyès ki dwe vin ede l. Li pa nan gen tout tan sa pou l analize tout konsekans yon men yo lonje ba li ta ka potansyèlman. Lè w ap neye, premye reflèks ou se kenbe men ki lonje pou rale w la. Se nan pwen sa a popilasyon an rive jodi a. E depi men sa a sanble ap ba li yon ti souf, depi li wè kèk aksyon ki parèt konkrè, li natirèl pou l akeyi yo ak lespwa. Li nòmal pou l selebre l. Nou pa ka ni dwe kondane moun sa yo, ni meprize lespwa yo, ni fè yo santi yo nayif paske yo vle kwè yon chanjman posib. Men, nan menm lojik sa a, mwen pa panse moun k ap poze kesyon yo gen tò nonplis. Moun k ap mande pou gen baliz, pou gen transparans, pou nou konprann ki kad koperasyon sa a genyen, ki enterè ki dèyè l, ki konsekans li kapab pote, epi sitou ki sa k ap rive apre, yo gen tout rezon pou yo poze kesyon sa yo. Nou gen yon listwa ki twò chaje ak fo pwomès, entèvansyon, alyans ak desepsyon pou nou ta sispann reflechi sou sa nou ap akeyi jodi a. Rekonèt yon èd ki ka potansyèlman chavire yon vye tandans pa vle di nou dwe abandone lespri kritik nou. Menm jan an tou, poze kesyon sou èd sila pa nesesèman vle di nou kont chanjman, ni nou kont moun k ap chèche rale yon ti souf. De pozisyon sa yo kapab egziste ansanm. Yo ta menm dwe konplete youn lòt. Paske yon bò ap raple nou ijans pou sove lavi ak retabli yon minimòm sekirite, pandan lòt la ap raple nou nesesite pou pwoteje lavni peyi a, souverènte li ak enterè popilasyon an pou apre. Men gen yon bagay mwen panse nou riske pèdi nan tout deba sa yo : moun k ap viv reyalite a sou teren an. Pandan n ap diskite, pandan n ap defann pozisyon nou, pandan n ap analize sa ki bon ak sa ki pa bon, gen moun ki leve chak maten san yo pa konnen kòman sa ap ye. Gen fanmi ki anvi kwè lavi ap reprann, men ki pè pou lespwa sa a pa tounen yon lòt desepsyon. Gen moun ki vle wè aksyon, men ki pè tou pou konsekans aksyon sa yo pa tonbe sou yo ankò. Se yo ki tout bagay la.
3
24
5
74
4,101
Katriyèm Paragraj la. Depi w ladann Moun isit di w se Gang ou ye. Menm m toujou kontan lè pansem yo aliyen ak moun ki gen bon sans isi a. E yo pa anpil map tou profige salye @Simeonangran @LikeChrisss @mawonanndi 👊🏽✊🏽

1
3
631
Bashoo retweeted
Yon ti enbesil ki pa menm gen lontan l t ap di l gen nimewo bandi ki ka fann tèt moun sou telefòn li, ki t ap penpennen ak ti klik Miki PHTK yo vle fè pran pou rizib moun ki chita, k aprann, e k ap di bagay sanse.
1
5
1
22
986
Palman an pa renouvle pandan 2 fwa sou gouvènman PHTK, se dabò KEP a poko janm ka tounen yon enstitisyon tou bon vre. Ansuit, se Jovnèl ak Mateli ki te dakò dirije san palmantè pou yo te ka chaje pouvwa. Dayè sa se t on zouti pwopagann pou yon prezidan ap di l pral konstwi lekòl
Replying to @AngelotStVil
Alix se PM mwen toujou dakò avel, men gen kèk bagay miche di m estime ki korèk, tankou; eleksyon chak 2an, 3 majistra, palman an anpil fwa ki tounen yon fos blokaj olye yo plis konsantre sou travay kontwòl yo.
1
1
331
Pou ki sa n pa vle mete pòs konsiltan l nan ministè ekonomi ak finans (osnon ministè komès) ak li te konseye Enex Jean Charles sou PHTK ?
7
3
1
12
4,699
Mwen menm mta renmen konnen kòman dirijan sa yo ak sila ki te pase pandan peryòd kriz dirèk sa santi yo e menm avan, lè plizyè milye Ayisyen pran lari pou remèsye yon prezidan etranje paske yo santi se li ki finalman ap fè yon bagay kont gang yo?
13
18
8
174
5,085
Nou mete yon pèp nan yon pozisyon kote li oblije prete lespwa nan men yon lòt peyi pou li santi peyi l la ka respire ankò. Se yon bagay ki ta dwe inimajinab wi, men yo reyalize eksplwa kanmenm.
2
57
2
196
6,529
Bashoo retweeted
-M pa nan koze fè zonyon non. Mwen:
2
2
141
Pèp sa renmen blòf tou wi yo renmen bèl fo diskou devan dèyè.
Petèt se madanm lan ki pral fè pèp la resi goute premye rekòt nan jaden bannann envizib mari a te plante pou nou an!
1
3
5
694
😰
5
7
4
84
12,058
Tout moun sa yo se menm !
Dans un monde meilleur, on imagine Jocelerme Privert, Jacky Lumarque, Jerry Tardieu, Jude Célestin et Wilner Joseph, parce qu’issus du même fil conducteur politique, faire équipe. On imagine Claude Joseph, Hans Joseph, Martine Moïse, Gary Bodeau et d’autres faire équipe. On imagine Etzer Emile faire équipe avec Dominique Dupuy et d’autres candidats dans la logique de la prise du pouvoir… On imagine Olivier Barrau faire équipe avec Michel Martelly etc. Du domaine de l’imagination. Mais non. Il faut que nous soyons tous candidats, que chacun ait son nom sur le bulletin, quitte à émietter davantage les électorats. #PAPPOST #Haiti
1
1
7
900
🚨 Ministè Afè Etranjè a siyen yon kontra 65 000 dola chak mwa ak kabinè Roger Stone, yon kontra ki renouvle pou kont li.
3
42
13
85
9,209
Men @EvansPaul55 , anpil moun konnen sou non K-Plim. K-Plim se yon lejand nan politik ayisyèn. Depi sou diktati Duvalier a, li te nan batay politik. Li se youn nan manm fondatè KID, li te patisipe nan mouvman FNCD ki te pote Aristide sou pouvwa an 1990, li te majistra Pòtoprens, epi li te vin Premye Minis an 2015. An 2015, pandan li te Premye Minis, K-Plim te rekòmande yon jèn 18 lane pou mete sistèm e-gouvènans Ayiti sou pye. Jodi a, plis pase 11 lane apre, Ayiti toujou pa gen yon sistèm e-gouvènans ki fonksyone jan sa dwe fèt. Mèsi, K-Plim! Apre tout deseni sa yo nan politik, men youn nan eritaj ou kite pou peyi a.
9
3
5
14
6,177
Bashoo retweeted
Des chefs de gangs et leurs complices se servent d'entreprises de «paryaj» pour blanchir de l'argent provenant du kidnapping, de la corruption, du trafic de drogue ou des extorsions, selon une enquête d'AyiboPost.⬇️ Lire plus : ayibopost.com/exclusif-krisl…
14
50
16
140
12,863
Ono, gen yon prensip militè anpil moun bezwen konprann: Rules of Engagement (ROE). Nan yon operasyon militè, sòlda yo pa senpleman antre nan yon zòn epi tire sou tout moun. Gen règ ki defini kilè yo ka itilize fòs, ki menas yo ka angaje, ak ki mezi yo dwe pran pou pwoteje sivil yo. Genyen tou prensip fondamantal nan dwa entènasyonal imanitè, tankou distenksyon, pwopòsyonalite ak prekosyon, lè lwa konfli ame yo aplikab. Men yon lòt bagay enpòtan: ROE pa vle di yon operasyon pap janm lakòz viktim sivil. Sa vle di itilizasyon fòs dwe respekte règ ak limit ki aplikab yo. Se poutèt sa nou dwe evalye operasyon yo sou baz enfòmasyon ki verifyab, olye nou otomatikman konsidere chak aksyon militè kòm yon vyolasyon oswa chak kritik kòm yon sipò pou gang. Objektif la dwe rete menm bagay la: elimine menas kriminèl yo, pwoteje popilasyon an epi retabli sekirite san vyole dwa fondamantal moun.
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim. Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou. Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an. Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt. Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
1
1
16
4,139
Premye travay, sou baz kliyantèl, w ap touche 6k dola, nan lane 2011-2012, pou gen moun k ap di sa pa anyen 😅😅😅. San konte machin, chofè, sekirite, frè pou tout ti bagay. Lafrans depi w nan 4k€, ou pami pi rich yo, Ayiti 5403€ =6000k $ apeprè pa anyen 😅😅😅.
Replying to @haitianhouse
Bro nan ekonomi nou an, 6k USD pa mwa se anpil wi man!
4
1
16
3,102
#Elections ,la Cour des Comptes et du Contentieux Administratif affirme qu’elle n’est pas habilitée à accorder décharge de gestion aux ex PMs et ministres #RFMINFO
1
8
3,164
Ou gen kòb? 🤭
This quoted post is unavailable.
1
117